Pandan otorite nan Leta ayisyen an kwaze bra yo devan kriz sekirite ak delabreman estad nou yo, se lòt nasyon ki ap deside kouman ak ki kote seleksyon nasyonal nou an dwe jwe. Match amikal ant Ayiti ak Islann ki prevwa pou madi 31 mas 2026 ki ap vini la a nan BMO Field (Toronto), pral jwe finalman san yon sèl grenn sipòtè nan tribin yo.
Yon desizyon ki fè mal, men ki pa sipriz
Federasyon kanadyen an jistifye desizyon sa a poutèt « kontrent operasyonèl » nan jesyon biyè yo. Konsa, BMO Field, ki te dwe vibre ak koulè ble ak wouj nou yo, pral rete vid tankou yon simityè. Se sèlman medya ki gen akreditasyon ak manm delegasyon yo ki ap gen dwa antre nan estad la. Tout moun ki te gentan achte biyè pral jwenn ranbousman yo nan men Ticketmaster.
Si jodi a nou ap sibi imilyasyon sa a kote nou pa ka menm jwi yon match preparasyon ak fanatik nou yo nan dyaspora a, fòk nou gade nan rasin pwoblèm nan. Depi plizyè lane, estad Sylvio Cator tounen yon savann, epi ensekirite a rann li enposib pou resevwa yon match entènasyonal sou tè papa Desalin.
Pandan peyi a ap dekale, otorite yo sanble pa gen okenn plan serye pou:
Rekonstwi enfrastrikti espòtif yo ki nan yon eta lamentab.
Retabli sekirite pou pèmèt ekip nasyonal la jwe lakay li, devan pèp li.
Negosye ak fòs ak federasyon lòt peyi pou respekte diyite fanatik ayisyen yo.
Yon seleksyon « sanzabri »
Se yon gwo koutba pou moral jwè yo ak pou fyète nasyonal nou. Pandan lòt peyi ap bati estad modèn, Ayiti ap pèdi dwa pou li resevwa moun lakay li. Jouk ki lè nou ap sispann pwonmennen nan estad lòt moun tankou moun ki pa gen mèt?
Vwayaj sa yo nan peyi etranje san sipòtè montre aklè jan espò nan peyi a ap peri anba neglijans moun ki gen pouvwa yo. Match kont Islann nan ap jwe, men li ap kite yon gou anmè nan bouch tout Ayisyen ki ap mande : « Kote leta nou an? »
Echojounal echojounal.net