Idwoponi oswa kilti idwoponik, se yon fason pou kiltive plant sou yon baz ki net epi ki inèt.
Se yon metòd kilti san tè, kote plant yo ap grandi san tè, epi yo nouri rasin yo ak yon eleman ki bay fòs ki fèt ak dlo ak sèl mineral. Rasin yo kenbe pa yon sipò inèt (tankou boul ajil, fib kokoye oswa lenn wòch) ki ede kenbe plant yo dwat, pandan sistèm wouzaj lan ka fèt swa otomatik swa manyèl.
Sistèm nan sèvi ak mwens dlo pase kilti tradisyonèl yo, plant yo donnen plis e yo grandi pi rapid,ou pa bezwen tè pou reyalize tip kilti sa, ou bay plant yo manje egzakteman sa yo bezwen, gen mwens chans pou plant yo malad oswa enfekte , ou ka plante plis espesyalman ak plant ki plante anlè youn lòt .
Konsa tou Li koute chè nan kòmansman paske ou dwe achte ekipman yo, li mande konpetans teknik epi toujou kontwole yo, yo paka grandi san angrè ki fèt nan faktori, li pa mache byen san elektrisité, Gen gwo risk pou maladi nan rasin yo gaye rapid, Epi gen kesyon sou enpak li sou anviwònman, akoz dlo, enèji ak materyèl yo itilize.
Echojounal echojounal.net