Jij enstriksyon tribinal premyè enstans pòtoprens lan mèt Garry Orelien sove de jistès anba bal bandi mal entansyone nan dèlma 95, kote bandi yo ouvè kout bal sou machin jij la. Jij Orelien se jij ki ap kondwi dosye ansyen prezidan Jovenel Moïse nèg ak zam te touye nan lanwit …
Li Plis »AYITI/NOMINASYON: FRANTZ ELBÉ NONMEN DIREKTÈ JENERAL LAPOLIS NASYONAL DAYITI
Enstitisyon Lapolis Nasyonal Dayiti a gen yon nouvo chèf nan tèt li. Nan yon arete ki pibliye, Frantz Elbé nonmen direktè jeneral a.i nan tèt Lapolis Nasyonal Dayiti. Komisè Frantz Elbé ranplase Léon Charles nan tèt enstitisyon an. Yon ti tan apre Léon Charles fin demisyone, yon arete nonmen Frantz …
Li Plis »AYITI/ ASASINAY : ENTÈPÒL METE MEN SOU YOUN NAN SISPÈK NIMEWO 1 NAN ASASINAY ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE.
Palacios se non youn nan kolonbyen yo estime selon DCPJ ki se sispèk nimewo 1 jwenn arestasyon li nan peyi jamayik. Polisye entèpòl mete men nan pat kasav prezime ansasen an pou enplikasyonl nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 nan rezidans prive …
Li Plis »AYITI/POLITIK : ANDRÉ MICHEL SOU WOUT POU DIVÒSE AK PREMYE MINIS DEFAKTO ARIEL HENRY
Aprè mèt André Michel te fin kontan, de (2) bral ouvè, lang deyò tankou chat ki wè bè lè li tap siyen akò apezman, akò peze souse a 11 septanm 2021 an. Kounyea, nan yon deklarasyon mèt la fè mèkredi 20 oktòb 2021 an, li sou wout pou li divòse …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN : DOKTÈ IZABELLE VICTOR JWENN LIBERASYON LI.
Selon enfòmasyon sal redaksyon Echojounal la genyen nan bon timamit, doktè Izabelle Victor bandi nan Matisan te kidnape samdi 16 oktòb 2021 an jwenn liberasyon li nan aprè midi mèkredi 20 oktòb 2021 an kont ranson. Daprè sa pwoch otaj la di doktè Izabelle libere mèkredi 20 oktòb la nan …
Li Plis »AYITI/ SEKIRITE: KÒMANDAN LÉON CHARLES LAGE PYE LI NAN TÈT PNH LA
Ansyen direktè jeneral polis nasyonal la Léon Charles, lage pye li jounen jedi 21 oktòb 2021 an, aprè yon konsèy ¹minis ki te fin reyalize. Se enspektè jeneral enstisyon an Frantz Elbé, ke non l ap site pou ranplase Léon Charles kòm nouvo direktè Polis la, yon revokasyon ki vini …
Li Plis »AYITI/ENSANDI: GWO DIFE EKLATE NAN PÒTOPRENS ZÒN RI LANTÈMAN
Yon gwo dife pran nan kapital la zòn ri lantèman ak channmas pa lwen penitansye nasyonal nan, mèkredi 20 oktòb 2021 an nan lè (9h45) nan aswè. Pèson moun pa gen twòp enfòmasyon sou sa ki pwovoke ensandi sila. Dife sa te gentan lakoz anpil dega nan moman ponpye tap …
Li Plis »AYITI/ GRÈV: ASOSIYASYON CHOFÈ GAZ YO LANSE YO NAN YON GRÈV SAN BOUT
Asosiyasyon chofè transpòtè gaz yo nan peyi a lanse jounen jedi 21 oktòb 2021, yon grèv san bout pou denonse zak ensekirite ki ap taye banda nan peyi a. Pòt vwa asosiyasyon transpòtè gaz yo, Jean Jacklin Dupré, fè konnen yo pran desizyon sa pou kapab denonse ensekirite a ak …
Li Plis »LEMONN/REZO: DONALD TRUMP ANONSE LANSMAN PWÒP REZO NASYONAL LI : » TRUTH SOCIAL »
_Ansyen prezidan ameriken an, Donald Trump, bani ni sou twitè, ni sou fesbouk depi atak ki te fèt sou kapitòl la 6 janvye 2021, chwazi lanse pwòp rezo sosyal li ki pote non « Truth Social »._ Donald Trump lanse pwòp rezo sosyal li nan sousi pou li antre an konkirans ak …
Li Plis »AYITI/SEKIRITE: LA POLIS ARETE SIS (6) ENDIVIDI YO AKIZE KÒM KIDNAPÈ AK ASOSYASYON MALFETÈ.
Sis (6) endividi jwenn arestasyon yo bon repo nan yon katye ki twouve li nan komin kwadèboukè mèkredi 20 oktòb 2021 an. Akize kòm asosyasyon malfétè ak kidnapè, popilasyon an denonse sitwayen sa yo ki fè pati yon gwoup gang ki gen nan tèt li Patrick kap opere nan zòn …
Li Plis »