Bandi ak zam kidnape samdi kat (4) Septanb 2021, nan komin Gresye, de (2) kouzen ki t ap sòti Tigwav pou rantre nan Pòtoprens kote kidnapè yo mande yon bon valè lajan pou libere yo. Hudson Fulgence ak Verno Fulgence, se non de (2) kouzen sa yo bandi ak gwo …
Li Plis »AYITI POLITIK : GEN YOUN NAN 10 SENATÈ YO KI PA DAKÒ AK CHWA JOSEPH LAMBERT KÒM PREZIDAN.
Nan yon deklarasyon senatè anfonksyon Patrice DUMOND di PP fè pandan li tap patisipe nan yon emisyon nan yon estasyon sè nan Kapital la, li esprime dezakò li avèk chwa prezidan tirès senatè a nan sena kòm moun ki pou mennen bak peyi a. Joseph Lambert konnen sa lap fè …
Li Plis »LEMOND/KOUDETA/IJAN: KOUDETA NAN PEYI GINE, PREZIDAN PEYI A, ALPHA CONDÉ ANBA KÒD.
Koudeta nan peyi Gine. Fòs espesyal yo pran kontwòl kapital la, konakri e yo mete anba kòd prezidan peyi a, Alpha Condé. Gen anpil katouch kap tire jounen dimanch 5 septanm 2021 bò palè nasyonal la. Kolonèl Mamady Doumbouya, kòmandan an chèf fòs espesyal yo ki ta sanble mennen mouvman …
Li Plis »AYITI/ ENSEKIRITE: POPILASYON AN NAN KOMIN MIRAGWÀN LEVE JWENN YON PREZIME VOLÈ MOTO MOURI TÈT NWÈ.
Popilasyon nan lokalite Savann Lwès ki nan premye seksyon kominal Miragwàn, leve jwenn maten dimanch senk (5) Septanb 2021 an yon prezime vòlè moto ap benyen nan sanl. Selon konsta jij Methony Sauveur, ki nan tribinal lapè komin Miragwàn lan, deklare li jwenn yon zam kalib « 38 », li pa jwenn …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: « ENSEKIRITE PRAN PEYI A, ALÒSKE YO TE DI DEPI JOVENEL MOÏSE ALE TOUT PWOBLÈM AP REZOUD « , MATHIAS PIERRE.
_Mathias Pierre, ansyen minis sou administrasyon Jovenel Moïse, kritike fason peyi a ap dirije apre asasina ansyen chèf Leta a. Nan yon twit ansyen kandida pou pòs prezidan an fè, li fè konnen ensekirite pran peyi a alòske yo te di depi Jovenel Moïse ale tout pwoblèm ap rezoud_ Ansyen …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE : WOUT NASYONAL NIMEWO 1 AN GEN ANVIWON 4 JOU BLOKE NAN ZÒN SITE SOLÈY.
Jounen dimanch 5 septanm 2021 an fè anviwon 4 jou depi bandi ak zam bloke wout nasyonal nimewo 1 an nan nivo komin site solèy zòn Douya. Selon enfòmasyon sal nouvèl Echojounal la rive jwenn sou sijè sa, se yon atak gwoup gang Boston lan kap dirije pa Matyas ensikoni …
Li Plis »AYITI/ ESPÒ: KOMITE MIRAGWÀN ASOSIYASYON BASKÈT REMÈT AK LAMERI TRAVAY REYABILITASYON NAN TÈREN BASKÈT MIRAGWÀN LAN.
Komite Miragwàn Asosiyasyon Baskètbòl ki gen sig nan lang fransè (MAB), ki te sou pwojè reyabilitasyon tèren baskèt nan « Fort-Reflechir » ki nan komin Miragwàn, remèt ak La meri Miragwàn jounen samdi 4 Septanb 2021 an kle travay reyabilitasyon tèren baskèt la. Nan yon seremoni manm komite Miragwàn Asosiyasyon Baskètbòl (MAB)òganize …
Li Plis »LEMOND/ KATASTWÒF : PREZIDAN AMERIKEN AN ANONSE LI PRAL VIZITE VIKTIM OURAGAN IDA.
Ouragan Ida ki pase nan Nòdès peyi Etazini, touye 47 moun prezidan ameriken an Joe Biden, pral vizite viktim nan Eta Nouyòk ak Nou Jèze pou kapab evalye dega ouragan Ida fè yo, selon sa » Maison Blanche » anonse jounen samdi 4 Septanb lan. Prezidan Biden, vizite vandredi twa (3) …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: BANDI AK ZAM PRAN KONTWOL KOMIN KWADÈBOUKÈ, PLIZYÈ ABITAN KOURI KITE KAY YO.
Kout zam pa sispann chante nan komin kwadèboukè depi aprè lanmò chef gang Carl henry Alyas depòte 30 dawout 2021 ki sot pase a. Depòte jwen lanmò li anba bal nèg « 400 mawozo ». Sa ki lakoz sitiyasyon yo vini pi malouk chak jou, bandi ak zam kontinye ap toke kòn …
Li Plis »AYITI /POLITIK : GWOUP GANG AP SIMEN LATWOUBLAY, ARIEL HENRY PA DI YON MO
Gwoup nèg ki gen zam nan men yo achte lari Pòtoprens lajan kontan depi anviwon plizyè jou. Se yo ki bay dizon yo lè pou gen sikilasyon ; lè pou aktivite ekonomik yo reprann nan anpil katye nan rejyon metwopolitèn nan. Yo ap tire san yo pa gen okenn laperèz …
Li Plis »