Jounen mèkredi 18 dawout la yon gwoup jounalis pote yon valè èd imanitè nan komin Lazil nan sousi pou pote sekou a moun ki te viktim nan tranbleman tè a . » Inisyativ sa pran dimanch 15 dawout 2021 an, sou antèn « Radio Caribbean Fm », nan kad yon emisyon espesyal …
Li Plis »JO TOKYO : YON LANSEZ POLONÈZ METE MEDAY AJAN LI OZANCHÈ POU SOVE LAVI YON TIMOUN KI MALAD
Medaye meday ajan nan lanse javlo pandan dènye JO Tokyo, Maria Andrejczyk mete rekonpans li a ozanchè pou peye yon operasyon ki koute chè pou yon timoun ki gen sèlman ui (8) mwa. Men istwa a pa kanpe la, yon antrepriz chwazi achte meday la apre sa yo rebay polonèz …
Li Plis »AYITI/ÈD: ANTHONY BENETT FÈ KONNEN TI TONY KI NAN SANTO 17 LA AP POTE SIPÒ LI BAY MOUN NAN GRAN SID YO.
Nan yon twit Anthony Bennett fè jounen 17 dawout 2021 an, li fè konnen mache Titony ki chita kò li nan santo 17 la ap pote solidarite li bay moun ki frape nan tranbleman tè 14 dawout 2021. 11 lane apre, yon tranbleman tè manyitid 7.2 devaste Ayiti a, patiklyèman …
Li Plis »AYITI/SINEMA: FREDA, FIM GESSICA GÉNÉUS AP AN PROJEKSYON POU SIPÒTE VIKTIM TRANBLEMAN TÈ 14 DAWOUT 2021 YO.
Freda, fim fiksyon Gessica Généus ap an projeksyon samdi 21 dawout 2021 an nan jaden otèl Karibe. Mwatye nan resèt yo, sa vle di 50% pral jwenn viktim tranbleman tè a nan yon « fon soutyen pou Gran Sid fokal kreye ». Yon tranbleman tè manyitid 7.2 frape Ayiti samdi 14 dawout …
Li Plis »FEDERASYON AYISYEN PITI AK MWAYEN ANTREPRIZ (FHAPME) AP POTE SOLIDARITE LI BAY VIKTIM TRANBLEMAN TÈ 14 DAWOUT 2021 AN
Nan yon konferans pou laprès ki bay jounen madi 17 dawout 2021, madam Marie Yanick Lherisson, prezidan FHAPME, fè konnen se òganizasyon imanitè yo, asosyasyon yo ak sektè òganize yo ki dwe pote kole nan sousi pou al fè solidarite ak moun ki viktim nan Gran Sid peyi a ki …
Li Plis »AYITI/IMANITÈ : KONPAYI « DIGICEL » ANONSE YO SIPÒTE LOPITAL NAN GRANDANS APRÈ PASAJ TRANBLEMAN TÈ A.
Konpayi « Digicel » anonse yo sipòte lopital ki viktim nan depatman Grandans aprè pasaj tranbleman tè ki pase nan granSid peyi samdi 14 dawout 2021 an. Nan yon kominike pou laprès responsab konpayi « Digicel » yo mete deyò fè konnen, yo deja pote solidarite lopital « Saint Boniface » ki resevwa 5 mil galon …
Li Plis »AYITI/TRANBLEMAN TÈ : CHIF MOUN KI MOURI ANBA DEKONB YO PA SISPANN OGMANTE
Responsab yo nan pwoteksyon sivil prezante aprè midi 17 dawout 2021 an, yon lòt bilan pwovizwa sou kantite moun ki mouri nan tranbleman tè « goudou goudou » ki ravaje depatman Nip, Sid ak Grandans samdi 14 dawout 2021 an. Selon pwoteksyon sivil ki fè konnen gen 1941 moun ki mouri aprè …
Li Plis »AYITI/TRANBLEMAN: PREMYE MINIS ARIEL HENRY DEKRETE TWA (3) JOUNEN DÈY NASYONAL NAN MEMWA VIKTIM YO
Chèf gouvènman an, Ariel Henry, nan yon pwen pou laprès li bay nan lokal pwoteksyon sivil la jounen 17 dawout 2021 an, li fè konnen li dekrete twa (3) jounen dèy nasyonal, k ap kòmanse apati jounen madi 17 dawout la, nan memwa viktim tranbleman tè ki ravaje Grand Sid …
Li Plis »AFGHANISTAN : YON AVYON KI KA PRAN 100 MOUN ANVIWON VWAYAJE AK 640 MOUN, AFGHAN
Yon foto kap sikile sou tout rezo sosyal yo, moutre yon avyon militè ameriken ki gen plis pase 600 afghan ladann kap kouri kite peyi peyi Afghanistan depi apre Taliban yo fin genyen lagè a. Foto a vin viral sou tout rezo sosyal yo kote tout moun wè plis pase …
Li Plis »AYITI/ ELEKSYON : KONSÈY ELEKTORAL PWOVIZWA REPÒTE TIRAJ OSÒ KI TAP FÈT POU ANREJISTRE KANDIDA AK KANDIDAT YO.
Nan yon nòt pou laprès ki date 16 dawout 2021 an, konsèy elektoral pwovizwa a fè tout moun ki te gen pwojè kandida nan eleksyon ki gen pou fèt nan mwa ki te gen pou vini yo, KEP a fè yo konnen dat tiraj osò pou anrejistreman an repòte pou …
Li Plis »