Nan yon konferans pou laprès jounen Lendi 1 Jwen an,RMODL pa mete dlo nan bouch li pou li kritike jan otorite yo ki te sityasyon sekirite ap detòrye chak jou pi plis nan peyi a. Yon lòt kote, yo mande gwoup moun ki gen zam ilegal nan yo a pou …
Li Plis »AYITI/KILTI: FRANCK S. VANÉUS, YON EKRIVEN KI AP ALONÈ NAN VANT AK SIYATI DE TÈKS LI NAN « SHEKINA HÔTEL », TÒ 10, KOMIN KAFOU.
_Franck S. Vanéus ap gen pou prezante piblik la 2 zèv li samdi 12 jwen 2021 ki ap vini an nan « Shekina hôtel » ki chita kò li nan komin Kafou a 4è nan apremidi_ . Yon nouvèl ki gen pou tit « Passagers du paradis » ak yon rekèy powèm ki rele …
Li Plis »AYITI / KOWONAVIRIS : YOUN NAN AJAN EGZEKITIF ENTERIMÈ WANAMENT YO GEN KOWONAVIRIS .
Ajan egzekitif enterimè komin Wanament lan, Luma Demetrus, teste pozitif ak maladi nouvo kowonaviris la pou kounye a li twouvel nan yon sant ki fèt pou trete moun ki gen kowonaviris. Selon yon pwòch majistra, ki konfime majistra te teste pozitif ak kowonaviris la men, aprè dyagnostik yo medsen yo …
Li Plis »LEMOND/ELEKSYON: PALMAN ISRAYÈL ELI YON NOUVO PREZIDAN
Palman Israyèl, eli jounen mèkredi de (2) jen 2021 an, yon nouvo prezidan nan tèt peyi a nan moman peyi a ap travèse yon kriz politik. Isaac Herzog, swasant (60) lane, se nouvo prezidan peyi Israyèl nan kad eleksyon palman depite a òganize jounen mèkredi a ki fèl vin okipe …
Li Plis »AYITI/MOUVMAN: MINIS JISTIS AK SEKIRITE PIBLIK LA PASE YON MOVE MOMAN NAN VIL JAKMÈL.
Minis jistis ak sekirite piblik la mèt Rock Feller Vincent, manke kite pol madi premye (1) jen 2021 an nan vil Jakmèl nan moman minis lan ta pral òganize yon rankont nan jiridiksyon an. Minis jistis ak sekirite piblik la mèt Rock Feller Vincent, ki tap òganize yon rankont ak …
Li Plis »AYITI/ANIVÈSÈ: YON ETWAL NAN SAL REDAKSYON ECHOJOUNAL AP SELEBRE YON NOUVO REKÒT KAFE.
_Dieuva Occidor, youn nan redaktè ajans enfòmasyon an liy « echo Jounal », ap fete yon nouvo prentan mèkredi 2 Jwen 2021 an._ Dieuva Occidor fèt yon 2 jwen kou jounen jodi a nan lane 1997 nan daptman sidès peyi a, patiklyèman nan komin Kòtdefè. Dieuva se yon etwal nan kominote kote …
Li Plis »AYITI/KOWONAVIRIS: GOUVÈNMAN AYISYEN AN DEKRETE KENZ (15) ETA IJANS SOU TERITWA.
Nan yon arete prezidan repiblik la Jovenel Moïse, pibliye jounen madi premye (1) jen 2021 an, li dekrete kenz (15) jou eta ijans sou teritwa nasyonal la. Nan arete sa ki gen nèf atik kote gouvènman pase lòd pou respekte yo jan yo ekri nan arete a : – Nan …
Li Plis »AYITI/KOVID-19 : MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL ( MENFP) ENTÈDI TOUT GRADYASYON AK FÈT FEN ANE NAN LEKÒL YO.
_MENFP entèdi tou aktivite ki gen pou wè ak gradyasyon,jounen rekreyativ ak fèt fen lane nan tout lekòl anndan peyi a, daprè yon nòt ministè a mete deyò jounen lendi 31 me 2021 an_ Kowona viris la ap layite kò li anndan peyi a dènye tan sa yo. Nan sousi …
Li Plis »AYITI/KONSTITISYON : ANSYEN PREZIDAN JOCELERME PRIVERT SOTI NAN SILANS LI POU LI MANDE SIKSESÈ LI JOVENEL MOÏSE POU KANPE SOU CHANJMAN KONSTITISYON LI AP PALE A.
Ansyen prezidan Pwovizwa Jocelerme Privert soti nan silans li pou li mande chèf leta a Jovenel Moïse kanpe machin ki ap sikile ak chanjman konstitisyon li ap pale nan peyi a. Toujou ansyen prezidan asanble nasyonal la ki ap pale, li di si lokatè palè Nasyonal la pa chanje lide …
Li Plis »AYITI / POLITIK : SEKTÈ KI POTE NON DEMOKRATIK AK POPILÈ A DI YO AP BAY SIPÒ YO AK ANSYEN DEPITE JEAN DANTON LEGER.
Estrikti ki pote non sektè demokratik ak popilè a (SDP) di yo pote solidarite ak ansyen depite Jean Danton Leger, ki envite vandredi kat (4) jen 2021 an, nan pakè Tigwav pou reponn kesyon chèf pakè a mèt René Emanuel. Pòt pawòl sektè demokratik la mèt Andre Michel, estime desizyon …
Li Plis »