Òganizasyon « Stop Accident » nan yon bilten yo mete deyò jounen lendi 9 me 2021 an, fè konnen yo anrejistre 38 aksidan sòti semèn 3 pou rive dimanch 9 me a. Daprè responsab yo nan « Stop Accident », gen 132 moun ki viktim nan aksidan sa yo ladan yo dizuit (18 ) …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: YON ENSPEKTÈ DIVIZYONÈ ASASINE NAN KOMIN KWADÈBOUKÈ.*
Enstitisyon Lapolis la, dènye mwa sa yo pa sispann pèdi polisye nan ran li. Enspektè divizyonè, Gabo Désiré tonbe anba bal moun ki te gen gwo zam fann fwa samdi 8 Me 2021 an nan zòn Latramblay 12, komin Kwadèboukè daprè sa otorite nan Lapolis la fè konnen_ . Gabo …
Li Plis »LEMOND / DRAM : SIS (6) MOUN MOURI AK SIS (6) LÒT BLESE NAN YON ATANTA NAN PEYI SOMALI.
Sis ( 6) moun mouri ak sis ( 6) lòt sòti blese nan yon eksplozyon ki fèt ayè swa nan peyi Somali atak sa te vize yon komisarya polis nan « Mogadiscio ». Atak la fèt nan » Warberi », ki nan sant vil la yon espas ki toujou frekante daprè esplikasyon chèf …
Li Plis »AYITI / REFERANDÒM : MANM OPOZISYON AN NAN KOMIN ENCH FÈ ECHÈK AK REFERANDÒM LAN .
Plizyè manm opozisyon an nan komin Ench bòykote atelye travay sou referandòm lan konsèy elektoral pwovizwa te ap reyalize nan depatman Sant lan jounen nèf (9) Me 2021 an. Atelye deba ak echanj lan ki t ap fèt anba je reprezantan andikape nan KEP a, konseye mèt Arlext Louis Noël, …
Li Plis »AYITI/POLITIK: CLAUDE JOSEPH DENONSE AK KONDANE KONPÒTMAN YON JOUNAL AN LIY KI AP DEFOMÈ PAWÒL LI.
Premye minis pwovizwa a, doktè Claude Joseph denonse epi kondane ak tout fòs li, nan yon nòt pou laprès li fè soti jounen dimanch 9 me 2021 an, konpòtman yon jounal anliy ki ap defomè pawòl li di. « Menm jan ak prezidan repiblik la, chèf gouvènman pou yon ti bout …
Li Plis »AYITI/ESTA: NATACHA LANFONTANT ( CHACHOU) SE AP « INVITÉE D’HONNEUR » NAN SWARE ANIVÈSÈ TI JO ZENNY.
Repite pou yon moun ki pozitif, ki toujou pote kè kontan nan chak « live » li fè sou rezo sosyal yo, Natacha Lafontant moun plis konnen sou non » Chachou », se tou yon fanatik enkondisyonèl chantè kreyòl la, Ti jo Zenny. Fanm wouj, gwo kò ki ap viv nan peyi Etazini, …
Li Plis »LEMOND/AFWONTMAN : PAP FRANCOIS DI OTAN POU ZAK VYOLANS YO NAN JERIZALÈM.
Pap Francois, lanse maten dimanch nèf (9) Me 2021 an, yon apèl pou kanpe afwontman ki gen nan vil Jerizalèm ki deja fè plizyè santèn blese. Maten dimanch lan, nan mesaj li preche mande pou kanpe zak vyolans yo nan vil Jerizalèm. » vyolans pap bay lòt bagay ke vyolans. …
Li Plis »LEMOND/DRAM : EKSPLOZYON BONM NAN PEYI AFGANISTAN POU PI PITI SENKANT (50) MOUN MOURI AK SAN (100) LÒT BLESE.
Eksplozyon yon bonm jounen samdi uit (8) Me 2021 an nan kapital peyi Afganistan, Kaboul touye pou pi piti senkant (50) moun aksyon sa pase tou prè yon lekòl pou fini nan peyi sa, daprè premye eleman enfòmasyon yo. Pòt pawòl ministè enteryè peyi Afganistan, Tareq Arian, fè konnen se …
Li Plis »AYITI/PNH: SPNH17 LA DEMANTI ENFÒMASYON KI TA FÈ KWÈ GEN MANM SENDIKA A KI TE RANKONTRE AK RESPONSAB LAPOLIS LA.
SPNH17 la demanti, nan yon nòt pou laprès enfòmasyon pòt pawòl lapolis la te bay ki te fè kwè gen manm sendika a ki kòmanse rankontre ak responsab lapolis la. « N ap presize manm sendika yo pako rankontre ak okenn responsab nan Lapolis la sou veritab pwoblèm n ap konfwonte …
Li Plis »AYITI/ELEKSYON: MACHIN ELEKTORAL, CENEDDH LA RENOUVLE KONFYANS LI NAN GUYRLANDE MESADIEU .
Sant Nòdès ki ap defann dwa moun, nan yon nòt pou laprès fè konnen yo renouvle konfyans yo nan madam Guyrlande Mesadieu pou kontinye reprezantan yo valableman nan machin elektoral la. Aprè yon nòt ki tap sikile sou rezo sosyal ak nan laprès youn nan moun ki nan sektè dwa …
Li Plis »