Ansyen prezidan peyi Brezil la Lula, kalifye kòm yon katastwòf fason gouvènman aktyèl la ap jere kriz kowonaviris la . Nan yon entèvyou ansyen chèf leta brezilyen an bay ak jounal alman « Del Spielg » , kritike fason aktyèl prezidan an Jair Bolsonaro ,daprè ansyen Prezidan Lula ki ta fè yon …
Li Plis »AYITI/ESPÒ :SELEKSYON NASYONAL LA BAT EKIP BELIZ NAN ESTAD SILVYOKATÒ
Nan premye match eliminatwa modyal peyi Kata (Quatar) 2022 , seleksyon nayonal la ki t ap resevwa aprè midi jedi 25 mas la seleksyon Beliz nan estad silvyokatò ki fini 2 a zewo anfavè ekip nasyonal la . Grenadye yo kite pase premye mitan match la ki dire 45 minit …
Li Plis »AYITI /DÈY : JOUNALIS KÒRESPONDAN RADYO « VISION 2000 » ORTELLAT JACKSON VALE AKDENESANS LI JOUNEN 25 MAS LA .
Jounalis Ortellat Jackson , mouri jounen 25 mas la nan lopital sent terèz ki nan komin Ench ak laj 56 lane aprè yon maladi li te soufri. Jounalis defen an te konn travay nan radio « LEVE KANPE » epi li te kòrespondan Radyo « Vision 2000 » nan pòtoprens. Selon moun nan depatman …
Li Plis »AYITI/NOT: KURDY LARECHE DEMANTI ENFÒMASYON KI TA FÈ KWÈ LI ENPLIKE NAN METE DOSYE JUSTIN VIARD NAN LARI.
Nan yon nòt diplomat Kurdy Lareche mete deyò ki rive jwenn redaksyon ECHO JOUNAL jounen 25 mas 2021 an, li demanti enfòmasyon kap sikile kòm kwa li ta enplike nan mete dosye yon sèten Justin Viard nan lari. « Mwen pote yon demanti fòmèl ak tout vye bagay k ap di …
Li Plis »AYITI /JISTIS : KOMISYON JISTIS AK LAPÈ RELE ANMWE SEKOU POU MOVE KONDISYON DETNI YO NAN PRIZON PEYI DAYITI.
Komisyon espikopal jistis ak lapè ki gen sig li nan lang fransè » CJLAP » nan yon nòt yo mete deyò sou sitiyasyon kondisyon lavi moun nan prizon yo nan peyi a ki pa bon ditou daprè òganizasyon dwa moun lan . Nan rapò sa Komisyon jistis ak lapè mete deyò a …
Li Plis »AYITI/JISTIS : AVOKA NAN BAWO MIRAGWÀN KADNASE BARYÈ KONPLÈKS ADMINISTRATIF POU PWOTESTE KONT PRESTASYON SÈMAN YON SIBTITI KOMISÈ GOUVÈNMAN .
Avoka yo manm bawo Miragwàn yo fèmen jounen 24 mas 2021 an , kadnase baryè prensipal antre konplèks administratif miragwàn lan pou pwoteste kont prestasyon sibtiti komisè gouvènman jiridiksyon Okay transfere nan jiridiksyon miragwàn Whatson Azor. Youn nan avoka pwotestatè yo mèt Castin Milot, fè konnen sibtiti transfere Whatson Azor …
Li Plis »AYITI/SEKIRITE :POLIS NASYONAL AYISYEN FÈ KONNEN LAP CHACHE YANICK JOSEPH
Nan yon mesaj PNH la mete sou kont fesbouk li jounen mèkredi 24 mas la, yo anonse Yanick Joseph, ansyen kòdonatè SPNH17 la, se youn nan moun Lapolis ap chache yo. » Lapolis nasyonal ap chache aktivman, moun sa yo, manm Fantom 509 pou enplikasyon prezime yo nan yon pakèt …
Li Plis »AYITI/ POLITIK: PLIZYÈ LIDÈ POLITIK DEZAPOUVE DEMACH KEP A NAN ENSTALASYON MANM BIWO DEPATMANTAL REFERANDÈ YO .
Plizyè lidè politik nan peyi a tankou: kòdonatè pati politik òganizasyon pèp k ap lite (OPL) ak Sekretè jeneral pati politik fuzyon sosyal demokrat yo enjenyè Rosemond Pradel, Yo dezapouve enstalasyon manm biwo depatmantal referandè yo. Ansyen prezidan sena repiblik la epi kòdonatè pati politik (OPL) Edgard Leblanc Fils, ki …
Li Plis »AYITI/ JISTIS : AVOKA SPNH 17 YO DENONSE AVI RECHÈCH LAJISTIS METE DÈYÈ MANM SENDIKA SPNH 17 LA .
Avoka SPNH17 yo , mèt Andre Michel ak Mèt Jean Fritz Many, denonse avi rechèch pakè pòtoprens mete dèyè plizyè kòdonatè ak sekretè sendika polis nasyonal la Jean Elder Lundi ak Guerbi Geffrad. Mèt Andre Michel ak Jean Fritz Many, nan deklarasyon yo fè konnen avi rechèch pakè pòtoprens mete …
Li Plis »AYITI / JISTIS : KOUDAPÈL PÒTOPRENS MANDE POU LIBERE TOUT MOUN KI TE ENPLIKE NAN TANTATIV KOUDETA A NAN » PETIT BOIS » A
Koudapèl Pòtoprens bay òdonans li nan zafè » Petit bois » a jounen mèkredi 24 mas 2021 an. Daprè mèt André Michel ki t ap entèvni sou yon radio nan kapital la, li fè konnen, nan yon òdonans koudapèl Pòtoprens bay, yo òdone liberasyon touswit, savle di, san pèdi tan tout …
Li Plis »