Madanm envantè kompa dirèk lan nan peyi Dayiti maestro Nemours Jean Baptiste mouri lakay li nan Tampa Florida 18 fevriye 2021 an . Marie Félicité Celima Olivier ki te fèt nan komin Akayè 23 septanm 1922 mouri ki te 2 pitit Yvrose ak Yves . Maestro Nermours Jean -Baptiste ki …
Li Plis »AYITI/JISTIS/NIP: GRÈV MAJISTRA YO PARALIZE TOUT AKTIVITE YO NAN TRIBINAL YO NAN JIRIDIKSYON AN.
Grèv ki te lanse sou lobedyans plizyè asosiyasyon majistra yo paralize aktivite tribinal yo nan jiridiksyon Miragwàn. Tout kabinè majistra yo rete fèmen jounen madi 23 fevriye 2021 an , konsta sa pa diferan nan tribinal de pè yo .kèk jistisyab denonse grèv la daprè yo ki fè yo anpil …
Li Plis »LEMOND/DÈY: PREZIDAN AMERIKEN AN MANDE POU DRAPO PEYI ETAZINI AN MOUTE A DEMI MA.
prezidan ameriken an Joe Biden bay lòd pou moute drapo peyi Etazini an a demi ma pandan senk (5) jou. Prezidan an pran desizyon sa pou komemore gwo ravaj Covid 19 la fè lakay yo kote li pote ale pou pi piti senk san mil (500,000) moun selon sa pòt …
Li Plis »AYITI/KRIM/KANADA:KÒ ANSYEN ANIMATRIS RADYO MARLY ÉDOUARD DEKOUVRI SAN VI NAN PEYI KANADA
Kò Ansyèn animatris radyo Marly Édouard dekouvri nan estasyonman nan Laval peyi Kanada san vi byen bonè nan maten dimanch 21 fevriye 2021 an. Marly Edrouard 32 lane te pote plent nan lapolis 2 jou anvan li mouri an pou yon ansyen mennaj zanmi li ki te menase lap touye …
Li Plis »AYITI/POLITIK:PREZIDAN REPIBLIK LAN JOVENEL MOÏSE DEKLARE NAN NASYONZINI GOUVÈNMAN AN DEMANTLE 64 GWOUP GANG
Peyi a te gen 100 gwoup gang, gouvènman an demantle 64 ladan yo « , se pawòl sa yo Jovenel Moïse deklare jodi a 22 fevriye 2021 a devan konsèy sekirite Nasyonzini. Nan lide pou jistifye vyolans lapolis ap fè sou jounalis dènye tan sa yo, Jovenel Moïse deklare nan « Nasyonzini …
Li Plis »AYITI/MOBILIZASYON/KIDNAPIN : ETIDYAN INIVÈSITE LETA YO LEVE KANPE POU MANDE LIBERASYON KAMARAD YO TI NÈG AK ZAM KIDNAPE
Etidyan inivèsite Leta leve kanpe pou mande liberasyon kanmarad yo,tinèg nèg ak zam kidnape dimanch 21 fevriye ki sot pase a. Etidyan inivèsite Leta yo fè gwo leve kanpe lendi 23 fevriye nan avni kristòf ak douvan fakilte etnoloji pou mande liberasyon kanmarad, tinèg nèg ak zam te kidnape. Nan …
Li Plis »AYITI/ARESTASYON:LAPOLIS NASYONAL AYISYEN AN ARETE AVOKA THÉOPHIN ISWICK
Pwofesè ,avoka bawo pòtoprens lan Théophin Iswick arete jounen lendi 22 fevriye 2021 an nan yon sitin ki tap fèt devan anbasad ameriken an pou mande Etazini desolidarize li ak prezidan Jovenel Moïse. Thèophin Iswick ak Saint Fleurs nan moman nan komisarya Taba men poko gen moun ki konnen pou …
Li Plis »AYITI/DÈY: REPREZANTAN SEKTÈ SENDIKA NAN KONSÈY ELEKTORAL KI LA POU YON TI BOUT TAN BAY DÈNYE SOUF LI
Reprezantan sektè sendika nan konsèy elektoral ki la pou yon ti bout tan (CEP) Patrick Numa 57 lane bay dènye souf li nan jounen dimanch 21 fevriye 2021 ak yon aksidan vaskilè selebral (AVC). Patrik Numa tap soufri depi nan mwa desanm 2020 an se youn nan rezon ki fè …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN: DE (2) SITWAYEN ETRANJE TONBE ANBA MEN KIDNAPÈ NAN PEYI DAYITI.
Bandi ak zam kidnape nan lannwit 20 fevriye 2021 an 2 sitwayen dominiken ak yon ayisyen nan pòtoprens zòn senkyèm avni nan sid kapital la. De (2) sitwayen Dominiken yo se teknisyen kompayi prodiksyon sinematografi ki pote non « Muska group » daprè ajans laprès espanyòl « Efe ». Kidnapè yo reklame pou liberasyon …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE:LAPOLIS NASYONAL AYISYEN AN PA SISPAN AN DÈY
Abdias Prophète, se non yon polisye « 27ème promosyon bandi ak zam asasinen okap ayisyen jedi 18 fevriye 2021 an. Moun yo pa idantifye touye ak bal polisye Abdias Prophète nan lannuit jedi 18 fevriye nan vil okap ayisyen. Pwofesè anglè ak espanyòl 36 rekòt kafe, se laj sa li te …
Li Plis »