Yon gwo tranbleman nan manyitid 7 souke nòdès peyi Japon samdi 13 fevriye 2021 an aprè 23 zè peyi a men pa gen okènn alèt pou ta gen yon tsunami . Tranbleman sa fèt nan yon profondè 54 kilomèt nan oseyan pasifik lan nan zòn Fukushima daprè enstiti etid jeyolojik …
Li Plis »AYITI/AKSIDAN: PLIZYÈ MOUN MOURI NAN YON AKSIDAN SOU WOUT PÒDEPÈ A
Pou pi piti senk (5) moun mouri plizyè lòt blese nan yon gwo aksidan ki fèt nan zòn mòn Kayo sou wout Pòdepè a nan apre midi 12 fevriye 2021 an. Aksidan sa rive apre yon kamyon ta pral pèdi fren li pase pran yon machin EDH epi yon kamyonèt …
Li Plis »AYITI/JISTIS: PAKÈ PÒTOPRENS METE ENTÈDIKSYON POU PREZIDAN OPOZISYON AN PA KITE PEYI A.
Nan yon nòt pakè Potoprens voye bay direktè jeneral imigrasyon ak emigrasyon an Joseph Cianciulli li mande pou pa kite prezidan opozisyon an Joseph Mecène Jean- Louis kite peyi a. Nòt sila ki pote dat 12 fevriye 2021 entèdi Joseph Mecène Jean Louis kite peyi a ni nan avyon ni …
Li Plis »AYITI/ELEKSYON: YON KOMISYON ELEKTORAL FÒME ANNDAN LAPOLIS LA.
Mathias Pierre ki se minis ki chaje nan kesyon eleksyon epi relasyon ak pati politik yo anonse nan yon konferans pou laprès jounen jedi 11 fevriye 2021 an ke gen yon komisyon elektoral ki kreye nan lapolis la. Misyon sa selon Mathias Pierre ap gen pou kontwole, siveye epi bay …
Li Plis »AYITI/DRAM: MOUN YO PA RIVE IDANTIFYE METE DIFE NAN PLIZYÈ BIWO PIBLIK NAN SANT VIL GONAYIV
Sant vil Gonayiv depatman latibonit gen gwo barikad nan jounen Vandredi 12 fevriye 2021 an sa fè plizyè biznis rive fèmen pòt yo menm la bank ,lekòl ak machin trafik yo paka travay. Moun yo pa rive idantifye mete dife nan plizyè biwo piblik nan komin nan kote yo pat …
Li Plis »AYITI/JISTIS: JIJ YVIKEL DABREZIL JWENN LIBERASYON LI, LÒT MOUN KI TE ANSANM AVÈK LI YO RETE NAN PRIZON.
Apre arestasyon li 7 fevriye 2021 an nan abitasyon « Petit bois » ki chita kò li nan komin Taba, Jij Yvikel Dabrezil jwenn liberasyon li nan apre midi jedi 11 fevriye 2021 an. Jij la te akize ak plizyè lòt moun nan komin Taba nan fè konplo pou jete prezidan repiblik …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: LAPOLIS NASYONAL LA PÈDI YON CHA NAN YON TWOKE KÒN AK BANDI.
Nan yon twoke kòn ak bandi jounen jedi 11 fevriye 2021 an lapolis nasyonal peyi Dayiti pèdi yon cha na zòn vilaj de Dye. Pou te sove lavi yo, polisye yo ta pral oblije kouri kite cha a apre yo te fin tonbe nan yon twou, bandi yo ki tap …
Li Plis »LEMOND/ESPÒ:PREZIDAN KOMITE ÒGANIZASYON JWET OLENPIK LAN DEMISYONE APRÈ YON DEKLARASYON « SEXISTE »
Prezidan komite ki kònn òganize jwet olenpik nan Tokyo kapital peyi Japon rèmèt demisyon li vandredi 12 fevriye 2021 an aprè li te fini fè yon deklarasyon « sexiste « semèn pase an ki te fè anpil pale nan mond lan. Ansyen premye minis japonè an Yoshiro Mori nan lane 2000 a …
Li Plis »AYITI/ENFRASTIKTI: DIREKTÈ BIWO SÈVIS MARITIM AK NAVIGASYON AN PREZANTE BAY LAPRÈS YON PWOJÈ KANMPOUS ENSTITI NASYONAL SOU FÒMASYON METYE LANMÈ A NAN NOUVO LOKAL LI A.
Biwo SMANAH pa ògan direktè jeneral li mesye Eric JR PRÉVOT prezante bay laprès jounen Jedi 11 fevriye 2021 an yon pwojè ki jwenn sipò bank karibeyen de devlopman. « Enstiti nasyonal ak fòmasyon metye lanmè » se non pwojè a, ki deja koute plis pase 15 milyon goud sèlman nan etid …
Li Plis »AYITI/KRIZ: YOUN NAN KÒMANDAN BSAP YO VOYE YON GWO PIGA BAY POLTISYEN OPOZISYON YO.
Kòmandan Jean Baptiste ki se youn nan chèf kap kòmande BSAP epi ki toujou ap goumen pou lame Dayiti kanpe, menase tout politisyen ki gen nan tèt yo pou pran pouvwa san yo pa ale nan eleksyon epi kap prepare kou deta. Selon Jean Baptiste se dènye fwa pou radiyès …
Li Plis »