Maya Multi service nan tèt kole ak Echojounal ap òganize samdi 13 ak dimanch 14 fevriye 2021 yon gwo seminè sou redaksyon jounalistik ak teknik repòtaj. Yon moun ki patisipe nan semimè sa ap gen posibilite pou li fè estaj epi travay nan Echojounal oubyen yon lòt medya nan peyi …
Li Plis »AYITI/NÒT: WO ETA MAJÒ LAME A REYAJI SOU KESYON JOUNALIS KI PRAN BAL YO.
Wo eta majò lame peyi Dayiti a reyaji sou kesyon de (2) jounalis ki te pran bal 8 fevriye 2021 an sou chanm mas la nan yon lese frape kèk militan nan opozisyon an ak lapolis. Nan lese frape sa de (2) jounalis ta pral pran bal, yo ta pral …
Li Plis »ETAZINI/IMIGRASYON: IMIGRASYON NAN PEYI ETAZINI PA RESPEKTE LÒD PREZIDAN AMERIKEN AN JOE BIDEN KI TE SIYEN POU YO KANPE NAN VOYE MOUN TOUNEN NAN PEYI YO A.
ICE ki siyifi nan lang meriken an “Immigration and Customs Enforcement” vyole moratwa 100 jou ke prezidan ameriken an Joe Biden te siyen apre li te fin pran pouvwa a nan peyi Etazini pou mande sispann voye moun retounen nan peyi yo a. Malgre moratwa sa imigrasyon peyi Etazini voye …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: YON MOUN MOURI KAT (4) LÒT BLESE ANBA KATOUCH NAN YON DEBLOZAY NAN VIL GONAYIV
Nan yon gwo deblozay ki eklate nan yon estasyon sèvis jounen madi 9 fevriye 2021 nan “avenue des Datte” nan komin Gonayiv ant yon gwoup nèg ak zam ak ajan sekirite estasyon an anpil san koule. Nan deblozay sa yon moun pèdi lavi li anba bal epi kat (4) lòt …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: DE (2) MOUN KI TE KONN FOUYE MOUN TONBE ANBA BAL NAN ZÒN PЀNYE.
Popilasyon Pènye a leve jwenn de (2) moun ki te konn pran plezi fouye moun nan zòn nan tonbe anba bal moun yo pa konnen. Selon enfo yo de (2) moun ki mouri yo se bandi ki anpeche moun viv nan zòn nan Pènye 40 ak plizyè lòt katye nan …
Li Plis »AYITI/JISTIS: MOUN KI AKIZE NAN KOUDETA YO TRANSFERE NAN PRIZON SIVIL KWADÈBOUKÈ.
Moun lapolis te arete dimanch 7 fevriye 2021 an nan abitasyon « Petit bois » ki chita kò li nan komin taba tranfere nan prizon sivil Kwadèboukè a. Moun sa yo akize nan ’yon plan koudeta pou te chavire Jovenel Moïse sou pouvwa a dimanch pase a, pami moun sa yo nou …
Li Plis »AYITI/SEKIRITE: TWA BANDI JWENN A ZO GRANN YO NAN TWOKE KÒN AK LAPOLIS.
Nan yon twoke kòn ak lapolis jounen madi 9 fevriye 2021 an nan zòn « parc kalako ki chita kò li nan komin Okay twa bandi tonbe. Camelot, Peyicho ak Didy se non twa (3) bandi sa yo ki rive tonbe nan tire ak lapolis ki te gen avèk yo komisè …
Li Plis »AYITI/ZEN: YON ARETE PREZIDANSYÈL METE ANPIL JIJ NAN KANPE LWEN.
Nan yon arete prezidansyèl ki pote dat lendi 8 fevriye 2021 an, Jovenel Moïse mete nan kanpe lwen twa (3) jij ki pi ansyen nan kou kasasyon an. Yvickel Dieujuste Dabrésil, Wendelle Coq Thélot ak Joseph Mécène Jean Louis jwenn retrèt yo nan yon arete prezidansyèl. Nap raple 3 jij …
Li Plis »AYITI/JISTIS: LAPOLIS METE CHÈCHE ANSYEN MAJISTRA PÒTOPRENS LAN.
Lapolis nasyonal Ayisyen an (PNH) mete chechè ansyen majistra pòtoprens an lendi 8 fevriye 2021 pou asasinay , tantativ asasinay,destwiksyon byen moun ak asosiyasyon malfektè. Ralph Youri Chevry ki se twazyèm pitit nan fanmi li ki gen 6 pitit fèt 14 oktòb 1967 nan kapital peyi Dayiti. Li pase tout …
Li Plis »AYITI/POLITIK: OPOZISYON AN CHWAZI MOUN KI PREZIDAN POU YO.
Yon pati nan opozisyon an chwazi nan lannwit 7 fevriye 2021 an jij Joseph Mécène Jean Louis pou vin pran kontwòl peyi a. Opozisyon an nan lakou peyi Dayiti pran desizyon mete Joseph Mécène Jean Louis kòm prezidan ki pou al mennen tranzisyon ke yap mande a depi kèk mwa, …
Li Plis »