Nan tribinal Evreux Iman de Gaillon 50 lane kondane pou 6 mwa prizon jedi 9 oktòb 2020 akoz li telechaje videyo ak foto lè moun ap fè bagay ak timoun « pédopornographique ». Lakay Iman anketè yo te mete men sou 2 telefòn li ,2 diskedi ak yon kameskop ki …
Li Plis »AYITI/JISTIS: YON FANM PRAN TЀT BATONYE LÒD AVOKA YO NAN PÒTOPRENS APRE LANMÒ MЀT MONFERRIER DORVAL.
Nan yon eleksyon jounen vandredi 9 oktòb 2020 an nan bawo a avoka yo eli Marie Suzy Legros nouvèl batonye lòd avoka yo. Marie Suzy Legros jwenn benediksyon avoka yo pou ranplase mèt Monferrier Dorval ki te tonbe anba bal bandi nan pakin lakay li nan lannwit 28 out 2021 …
Li Plis »LEMOND/KRIM :YON JÈN GASON AJI AK TOUT KONSYANS LI POU LI BAY ANSYÈN MENNAJ LI SIDA.
Vandredi 9 oktòb 2020 an nan tribinal koreksyonèl nan komin Dieppe peyi LaFrans yon moun ki gen 37 lane kondane pou 6 lane prizon akoz li bay ansyèn mennaj li Sida selon AFP. Daprè « le quotiodien régional Paris –Normandie ».jèn gason sa te di ansyèn mennnaj li an li se …
Li Plis »LEMOND/DRAM : TWA MOUN BLEZE 2 POLISYE AK BAL NAN HERBLAY PEYI LAFRANS
twa bandi blese de (2) polisye an sivil grav ak bal Mèkredi 8 oktòb 2020 an pandan yo te fin vòlè zam polisye yo ki te nan misyon nan rue Gwo Chèn nan zòn endistiyèl Herblay nan Val –d’Oise . De(2)viktim sa yo ap travay nan komisarya Cergy –Pontoise ,yon …
Li Plis »AYITI/SENDOMENG: SENA NAN PEYI SENDOMENG MANDE POU OUVRI FRONTYЀ AYITI AK SENDOMENG LAN.
Jounen mèkredi ki te 7 oktòb 2020 an, plizyè senatè nan peyi vwazen te reyini ansanm epi vote pou fwontyè Ayiti sendomeng lan ouvri. Senatè sa yo ki gen nan tèt yo David Sosa rive jwenn majorite pou vòt sa kote yo mande egzekitif la pou relouvri fwontyè a ki …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: VAN ENSEKIRITE A ATERI AK FÒS NAN ZÒN MÒN LAZA MATEN VANDREDI AN.
Byen bonè maten vandredi 9 oktòb 2020 an nèg ak kagoul ak gwo zam fann fwa frappe fò zòn mòn Laza ki chita kò li nan komin Petion vil. Bandi sa yo boule pou pi piti yon machine ak yon moto epi tire anpil katouch sa ki mete zòn nan …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE : NAN YON DJЀL DE GWOUP BANDI PLIS PASE 2000 KAY BOULE AK PLIZYЀ MOUN MOURI.
Nan yon gwo djèl ki eklate nan lannwit madi 6 oktòb 2020 an ant de gwoup bandi nan sizyèm seksyon kominal Lafag ki chita kò li nan komin Saint Louis du Nord ki nan depatman Nòdwès peyi Dayiti pou pi piti 2000 kay boule epi 14 moun pèdi lavi yo. …
Li Plis »LEMOND/JISTIS:PÒT PAWÒL SANT DEFANSÈ DWA MOUN NAN PEYI IRAN JWENN LIBERASYON LI.
Narges MOhammadi 48 lane jounalis epi pòt pawòl sant defansè dwa moun nan peyi Iran sòti nan prizon finalman aprè 5 lane. Narges te tap lite pou moun pa kondane pou jis li mouri ankò. Jounalis la te arete epi yo te mete li nan prizon nan me 2015 pou …
Li Plis »AYITI POLITIK: YON GWOUP ANSYEN DEPITE METE ANSANM EPI BAY TЀT YO YON MISYON.
“Le Groupe des anciens parlementaires pour l’équilibre politique en Haïti ‘’ se non yon gwoup ansyen depite bay tèt yo. Gwoup depite sa yo ki gen nan tèt yo Jean Wilson Hyppolite, Price Cyprien, Jean Willer Jean ak 38 lòt depite bay tèt yo pou misyon selon sa yo di pou …
Li Plis »AYIT/POLITIK: OPOZISYON AN DEKLARE YO PA NAN CHITA AK GOUVЀNMAN AN.
Sektè ki rele tèt li sektè demokratik epi popilè a reyaji sou enfòmasyon kap kouri sou rankont yo ta dwe genyen ak prezidan repiblik la Jovenel Moïse. Selon pòt pawòl yo a ki se André Michel okenn negosyasyon pa posib ak Jovenel Moïse li tou pwofite demanti enfòmasyon ki ta …
Li Plis »