Normil RAMEAU chèf nimewo en ( #1) nan enstitisyon lapolis nasyonal peyi Ayiti òganize yon rankont prese prese jounen Dimanch 30 Dawout 2020 an avèk plizyè lòt gwo chèf nan enstitisyon sila pou pote yon repons avèk fenomèn ensekirite a pou finisman mwa Dawout la kap ouvè zèl li sou …
Li Plis »AYITI/GRÈV : FEDERASYON BAWO AYITI (FBH) MANDE TOUT AVOKA AK AVOKAT YO KANPE POU YO PA TRAVAY AKOZ LANMÒ NOUVO BATONYE BAWO PÒTOPRENS LAN
Federasyon bawo yo an Ayiti (FBH) mande pou tout moun ki ap egzèse pwofesyon avoka nan tout dizuit (18) jiridiksyon peyi Ayiti yo kanpe pwosesis travay yo pou mande jistis pou mèt Monferrier DORVAL ki tonbe anba bal bandi lakay li nan lannwit Vandredi 28 Dawout 2020 an. Federasyon an …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE : YON DYASPORA TONBE ANBA BAL BANDI.
Machin ensekirite lakoz Wilner BOBO yon ayisyen ki gen nasyonalite Kanadyen tonbe anba bal bandi yo pa rive idantifye Vandredi 29 Dawout 2020 an pandan li t ap sòti nan yon fèt nan Petyonvil pou al jwenn fanmil kel gen de (2) semèn depi l ap viv menm kote avè …
Li Plis »AYITI/DÈY : KÒ GWOUP METE BOUCH NAN LANMÒ NOUVO BATONYE PÒTOPRENS LAN
Kò gwoup la fè konnen zak sa yo fè sou avoka epi pwofesè mèt Monferrier DORVAL ki te ranpòte eleksyon yo pou vin Batonye Pòtoprens lan afekte yo anpil e yo kondanel ak tout fòs yo, yo mande pou jistis rann avèk pèp Ayisyen an pou potorik gason sa ki …
Li Plis »VENEZYELA/LIBERASYON : PREZIDAN VENEZELYEN AN FÈ YON GWO JÈS POU MET LAPÈ LAKAY LI
Nicolas MADURO ki se prezidan lakay pèp peyi Venezyela deside fè yon gwo jès li twouve ki ap bon pou rekonsilye peyi li kote ki gen anpil chirepit depi kèk ane. Prezidan Venezyela fè yon santèn (100) moun ki te nan prizon gras pami yo plizyè depite ak lòt moun …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE : BAGAY YO RÈD NAN BÈLÈ NAN AFWONTMAN BANDI YO.
Plizyè fanmi kouri kite kay yo nan zòn Bèlè al refijye sou channmas ak dlo nan zye konsa gen lòt ki pèdi lavi yo akoz bandi ki ap twoke kòn yo avèk bandi nan Delmas 2 nan lannwit Lendi ki se dènyè jou nan mwa Dawout 2020 an nan 6zè …
Li Plis »ETAZINI/PANDEMI : BAGAY YO GRAV ANPIL POU PEYI ETAZINI AK PANDEMI KOWONAVIRIS LA.
Bilan yo ap kontinye ogmante nan peyi Etazini avèk yon vitès tèt chaje sou pwopagasyon pandemi Kowonaviris la ki gentan touche si milyon (6 milyon) moun daprè rezilta inivèsite Johns Hopkins, nan menm rezilta sa a yo fè konnen san katreven twa mil trann kat (183 034) deja pèdi lavi …
Li Plis »AYITI/LANMÒ : YON KAMERAMAN RADYO GINEN FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO
Samdi 29 dawout 2020 an ,kameraman epi korespondan radyo tele Ginen nan depatman Nò mouri ak yon maladi lakay li nan vil Okap. Moril Henrilus ki gen 42 lane te pase plizyè jou nan lopital Sakre Kè Milo li te sibi yon aksidan vaskilè selebral (AVC), aprè kèk jou li …
Li Plis »AYITI/ENSEKITE:BANDI AK ZAM OUVÈ KATOUCH NAN LOKALITE FLERANSO BÒ YON ESTASYON GAZ NAN DEPATMAN LATIBONIT.
Bandi ak zam nan vil Sen Mak ouvè katouch sou yon gwoup moun kite bò estasyon gaz nan Lachandèl nan lannwit vandredi 28 dawout 2020 an kote gen twa moun ki blese pami yo gen yon ti moun ki gen 11 lane nan zòn Fleranso depatman Latibonit. Aprè atak la …
Li Plis »LEMOND/LANMÒ/AKTÈ :PREMYE AKTÈ NWA NAN FILM BLACK PANTHER A BAY DÈNYÈ SOUF LI AK YON KANSÈ KÒLON
Chadwick Boseman aktè nimewo #1 nan film Black Panther a ki gen 43 lane mouri lakay li nan mitan fanmi li, ak yon kansè kòlon ke fanmi anonse nan yon kominike ke yo pibliye sou rezo sosyo yo samdi 29 dawout 2020. Chadwick Boseman nan lane 2013 te benefisye yon …
Li Plis »