Otorite nan peyi ostrali yo mete sou gwo dispozitif sekirite yon otèl nan vil Brisbane peyi Ostrali apre ekip chinwaz foutbòl fanm nan kap jwe match eliminatwa pou je olenmpik yo rive nan otèl la. Desizyon sa pran selon otorite yo pou evite «Coronavirus» lan kap vale teren nan peyi …
Li Plis »AYITI/SANTE : MINISTÈ SANTE PIBLIK AK POPILASYON RETE VIJILAN NAN LIDE POU ANPECHE EPIDEMI GRIP « KORONAVIRIS » RANTRE SOU SOL PAPA DESALIN LAN.
Koronaviris se non yon epidemi grip kap sakaje kèk peyi nan kontinan azi a, la Chine pat epanye soti desanm 2019 pou rive 27 janvye 2020 se plis pase 100 kretyen vivan ki pati pou peyi san chapo, Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) ta pral deklare ijans nan mond lan pou …
Li Plis »AYITI/EKONOMI: PREZIDAN REPIBLIK LA NAN TÈT KOLE AK ONA POTE SIPÒ BAY 2026 FANM KAP FÈ KOMÈS NAN LAKOU PEYI DAYITI.
Prezidan repiblik la Jovenel Moïse nan tèt kole ak ONA ki gen nan tèt li Chesnel Pierre dispoze senkant milyon sis san senkant mil goud pou ede 2026 fanm kap fè biznis nan kad yon pwogram ONA ki rele « ONAFANM », yon seremoni dewoule nan lokal palè nasyonal jodia madi 28 …
Li Plis »OMAJ E SENPATI POU KOBE BRYANT AVÈK TOUT MOUN KI MOURI AVÈK LI NAN CRASH ELIKOPTÈ LI.
Echojounal medya an liy nan lang kreyòl ki chita kòl nan peyi Dayiti aprann avèk anpil tristès lanmò gwo lejann basketè ameriken an KOBE Bryant a (41 lane) avèk pitit fil Gianna (13 lane) avèk sèt (7) lòt moun ankò nan yon elikoptè ki fè crash pou 26 Janvye 2020 …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: PNH LA KONTE YON LÒT VIKTIM NAN MITAN YO.
Montas Elisnet, yon polisye ki soti nan venndezyèm pwomosyon lapolis la tonbe anba bal moun yo pa rive idantifye aprè midi lendi 27 janvye 2020 an Polisye sa pèdi lavil nan komin taba (tòsèl) pandan li tap sot chache pitit li lekol epi li te rete chita sou motol ap …
Li Plis »LEMOND/EPIDEMI: LACHIN PRAL KONSTWI YON GWO LOPITAL NAN DIZ (10) JOU POU POTE SEKOU AK 11 MILYON MOUN KI AN DANJE.
Otorite nan peyi Lachin yo pran desizyon jounen vandredi 24 janvye 2020 an pou konstwi yon gwo lopital nan vil Wuham kote epidemi an pran nesans lan pou kapab pote sekou ak plis pase 11 milyon moun kap viv nan vil sila. Plizyè dizèn gwo kamyon, traktè deja disponib sou …
Li Plis »LEMOND/EPIDEMI/LACHIN: YON VENTÈN MOUN MOURI NAN YON EPIDEMI KI BAY GWO KÈ SOTE NAN MOND LAN.
Komisyon nasyonal sante nan peyi Lachin soti yon bilan tèt chaje maten vandredi 24 janvye 2020 an sou kantite moun ki mouri ak viris la e ki kantite ka yo deja jwenn. Selon komisyon an 25 moun gentan mouri, yo jwenn 830 ka epi gen 1.072 lòt moun yo sispèk …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: LAPOLIS NAN KOMIN SENLWI DI SID LIBERE DE (2) BANDI DELMA 2 POPILASYON AN TE MET MEN SOU YO
Depatman sid youn nan depatman nan peyi Dayiti fenomèn bandi a ap ouvè zèl li chak jou ki pase pi plis, komin Aken avèk Senlwi di sid se de (2) komin nan dènye tan sa yo k’ap konnen moman difisil anba men bandi. Ayè Mèkredi 22 Janvye 2020 an popilasyon …
Li Plis »AYITI/SEKIRITE: POLIS NASYONAL LA METE MEN SOU YON GWO CHÈF BANDI NAN VIL OKAY.
DIUNE SEZARD se yon gwo chèf bandi ki tap opere nan vil Okay pi presizeman nan komin Lasavane selon sa lapolis fè konnen, apre plizyè operasyon plizyè inite nan lapolis la mennen kote yo te arete plizyè moun men kilikou te rive chape poul li al Kache nan komin Chantal …
Li Plis »AYITI/REVOKASYON: YON GWO CHÈF PRAN YON SO KABRIT NAN MEN PREZIDAN REPIBLIK LA
Nan yon arete prezidansyèl ki sòti nan jounal « Le Moniteur » pou Mèkredi 22 Janvye 2020 an Mèt Claudy GASSANT pran yon so kabrit nan men prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE. Ansyen komisè gouvènman an jwenn revokasyon li nan tèt inite lit kont koripsyon an (ULCC), nan menm arete prezidansyèl sa …
Li Plis »