Lanmò jeneral iranyen an Quassem Soleimani ak atak lame iran an kont baz militè ameriken nan peyi irak yo menase yon ogmantasyon sou pri pwodwi petwolye yo nan mond lan Depi aprè desizyon ki te pran bò kote dirijan peyi etazini yo pou elimine jeneral iranyen an, sa ki lakoz …
Li Plis »LEMOND/SANTE: OMS MANDE 40 MILYON DOLA POU YON PLAN VAKSINASYON AN REPIBLIK DEMOKRATIK KONGO.
Òganizasyon mondyal sante a (OMS) mande 40 milyon dola pou yon plan vaksinasyon kont maladi lawoujòl kap dire sis mwa pou ti moun ki genyen ant sis (6)jiska katòz(14) lane nan peyi repiblik demokratik kongo a ki twouvel nan kontinan afrikèn nan Daprè yon done statistik Òganizasyon ki la pou …
Li Plis »LEMOND/KONFLI:PREZIDAN AMERIKEN AN ANONSE NOUVO SANKSYON KI PRAL PRAN KONT PEYI IRAN
Donald Trump prezidan peyi lèzetazini an fè konnen gen gwo sanksyon ki pral pran kont peyi iran// nan kad yon konferans pou laprès li bay byen bonè maten mèkredi 8 janvye 2020 an Daprè prezidan peyi etazini an sanksyon sa yo pral pran swit ak atak lame peyi Iran fè …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: KOMIN SITE SOLEY ANBA GWO ZAK VYOLANS DEPI APRE LANMÒ TI OUGAN.
Aprè lanmò chèf gang pwojè dwouya a Ti Hougan, sitiyasyon vyolans lan vinn pi konplike, chak jou Bondye mete se kout zam kap tire tribò pa bò nan pwojè dwouya. Daprè yon notab nan zòn lan, Jean Hénoc Joseph, kout zam sa yo kap chante tribò pa bò a se …
Li Plis »AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS METE MEN NAN PAT KASAV TI JOSEPH YON CHEF GANG NAN BOSTON.
Ayè lendi 6 janvye 2020 an lapolis mete anba kòd chèf gang ti joseph nan yon lopital nan kapital la ki tap pran swen aprè’li te finn resevwa yon katouch nan pye nan afwontman katye boston ki sou kontwòl li ak katye bouklinn ke Gabriel ap dirije. Ti Joseph syeje …
Li Plis »AYITI/ALMAY: YON AYISYEN KI SOTI SITE SOLÈY NAN WOUT POU LI MAJISTRA NAN YON VIL NAN PEYI ALMAY.
Adomblo Sanon se non yon jèn ayisyen ki te kite peyi a pou al etidye nan peyi etranje kote li te pase nan peyi Sendomeng apre li tal an Almay nan vil Muhr am See kote li poze kandida poul vin majistra vil sila apre li fin pase kat (4) …
Li Plis »AYTI/EDIKASYON: MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL SOTI DAT EGZAMEN PÈMANAN YO POU ANE 2019-2020 AN.
Nan yon twit, ministè kominikasyon anonse ke egzamen bakalorya pèmanan pou ane lekòl 2019-2020 yo ap fèt nan dat 17 pou bout 21 fevriye 2020 kap vin la nan tout peyi a. Selon twit la enskripsyon pou tout kandida ki gen pou patisipe nan egzamen sa yo ap kòmanse nan …
Li Plis »AYITI/POLITIK: APRE PLIZYÈ ECHÈK LAJOUNEN, OPOZISYON AN VIRE BAGAY YO POU LANWIT.
Altènativ tèt ansanm pou bati Ayiti anonse jounen jedi 2 janvye 2020 an repriz mouvman yap mennen depi kèk tan pou chavire Prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a, men fwa sa se ap chak wikenn. Opozan fawouch ak gouvènman an di yo pran desizyon sila yon fason pou pèmèt timoun …
Li Plis »AYITI/POLITIK: PETROCHALENGERS NOU PAP KONPLIS DESIDE PRAN CHIMEN DYALÒG.
Nan yon nòt pou laprès yo pibliye a yè jedi 2 janvye 2019 la, NPK rann piblik volonte yo genyen pou al dyalòge ak chèf leta peyi a Jovenel Moïse sou kriz kap brase bil peyi a depi kèk tan. Objektif rankont sila se pou yo kapab fè prezidan konnen …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: YON GWOUP MOUN ATAKE KOMISARYA ANSAPIT LA, POLISYE YO AL PRAN SOUF KAY VWAZEN.
Yon gwoup moun atake komisarya Ansapit la mèkredi premye janvye 2020 an, polisye yo ki te nan komisarya ki pat ka jere sekous foul la ki tap tire woch boutèy katouch sou yo te oblije kouri antre kay vwazen pou sove lavi yo. Moun sa yo ki tap mande pou …
Li Plis »