Bato lopital marin etazini an (USNSComfort) ap nan peyi Dayiti nan dat kap lendi 4 novanm 2019 la //nan kad yon misyon medikal nan peyi a daprè yon pòs ki fèt sou kont Twitter anbasad amerikèn ki anndan peyi a Misyon sa ap fèt nan yon tèt a tèt ak …
Li Plis »AYITI/DEVLOPMAN: YON SITWAYEN ANGAJE AYISYEN BAY KISA POU PÈP AYISYEN AN FÈ POU RIVE DEVLOPE PEYI A.
Peyi Dayiti apre endepandans li ki toujou ajenou pa sispann mande san devlope tèt li, chak ane ki rantre lap konnen moman difisil ki pa sispann konplike pou popilasyon an, kote pitit peyi a pa sispann jwenn imilyasyon nan chache lavi e menm pran imilyasyon sou tèritwa lakay yo avèk …
Li Plis »AYITI/SANTE: LOPITAL JENERAL PI MALAD KE MALAD YO.
Lopital jeneral trè an difikilte nan moman popilasyon an pi bezwen sèvis li. Lopital leta a ki te deja ap konfwonte gwo pwoblèm nan jou avan yo, vin pran yon pi gwo frap pandan kriz peyi lòk la kote yo vin ogmante pandan malad yo ap miltipliye chak segond epi …
Li Plis »AYITI/MANIFESTASYON: YON GWOUP MOUN AL TANTE BOULE MUPANAH.
Ayè madi 29 oktòb 2019 la yon gwoup moun al tante mete dife nan MUPANAH ki se mize pantewon nasyonal ki chita kò li sou chanmas tou pre palè nasyonal. Restoran mize a ki rive viktim anba atak gwoup moun sa yo kote anpil vit kraze, yon sitiyasyon ki te …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: MOUN KAP VIV NAN LÈ METWOPOLITÈN NAN KONNEN YON NWIT TÈT CHAJE.
Anpil katouch tire nan lannwit 29 oktòb 2019 la pou rive mèkredi 30 oktòb 2019 la nan divès rakwen nan peyi Dayiti. Plizyè zòn nan lè metwopolitèn tankou Pòtay Lewogàn, Matisan ak tout zòn ki antourel yo, avyasyon, Delmas, Kafou Gerald Bataille, Petion ville, Kwadèboukè, Site Solèy pou site sa …
Li Plis »AYITI/POLITIK: PEYI ETAZINI PRAL PRAN MEZI KONT TOUT MOUN KI KONT DEMOKRASI.
Jon Piechowski ki se sous-sekretè deta adjwen depatman pou emisfè oksidantal la, ki tap kesyon yon jounalis Lavwadlamerik fè konnen gen mezi ki kapab pran kont tout moun ki fè dezòd e ki kont demokrasi nan peyi Dayiti. Jon Piechowski konseye tout aktè politik yo nan peyi Dayiti pou degaje …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE:YON KRIMINÈL KI RACHE PLIZYÈ MACHANN ANBA KOUT MANCHÈT NAN MEN LAPOLIS.
Francky MERGÉLUS rache twa (3) machann anba kout manchèt nan mache kominal Gonayiv nan depatman Latibonit pou jodi madi 29 Oktòb 2019 la. Non machann ki tal chache lavi ki rive viktim anba kout manchèt kriminèl sa se: Honorat ROGES, Jonas FRANÇOIS avèk Guerda BRUNEL. Apre popilasyon an mete men sou …
Li Plis »AYITI/KOURAN: BIWO KOMIKASYON EDH BAY GARANTI AP GEN KOURAN NAN ZÒN METWOPOLITÈN NAN.
Aprè prezidan repiblik la Jovenel Moïse fin anose li koupe kontra kouran an ak Sogener, gen anpil kesyon ki tap poze, èske peyi a pral fonksyone nan fènwa ou pa ? Nan yon kominike pou laprès ki soti ayè lendi 28 oktob 2019 la, biwo kominikasyon EDH la bay espwa …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: DE POLISYE PRAN BAL NAN RETIRE BARIKAD.
Granm maten lendi 28 oktòb 2019 la nan zòn Tòsèl de (2) polisye blese anba bal moun kap bloke lari yo. Selon enfo ki rive jwenn nou polisye yo tap bay yon kamyon lodè sekirite epi yal tonbe sou yon barikad nan fè tantativ pou kamyon lodè pase mèt barikad …
Li Plis »AYITI/LANG KREYÒL: PÈP AYISYEN SANBLE BLIYE JOUNEN SELEBRASYON LANG KREYÒL LA NAN LEMOND
Kreyòl yon lang ki konekte pèp Ayisyen an, malgre anpil moun pa sispann pasel anba pye devan anpil lòt lang, sitou nan lekòl yo avèk nan enstitisyon yo nan peyi Dayiti, kote yo pa sispann devalorize kreyòl la pou bay lòt lang plis enpòtans, yon lang anpil lòt peyi sou …
Li Plis »