Kriz politik kap ravaje peyi a depi yon bon bout tan gen gwo konsekans sou ekonomi an, otèl Best Western ki chita kò li nan Petion ville nan wout pou fèmen pòt li selon enfòmasyon nou rive jwenn. Selon yon aksyonè nan Best Western, otèl la ap fèmen pòt li …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE:PLIZYÈ MOUN BLESE ANBA BAL NAN JAKMÈL PANDAN Y’AP BLOKE WOUT.
Nan Jakmèl zòn Kreyak pou ouvè jounen Lendi 21 Oktòb 2019 la pou piti sis (6) moun blese nan yon fiziyad pandan y’ap monte barikad pou kontinye mande prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE rache manyòk li bay kle palè nasyonal la. Plizyè nan moun sa yo gentan ap resevwa swen …
Li Plis »AYITI/DJÈL: GWO LÒBÈY PETE ANT MATYAS AK IZOLAN NAN MACH ATIS YO.
Bagay la mele nan mitan atis yo nan mach pasifik yo t’ap òganize ayè dimanch 20 Oktòb 2019 la nan zòn metwopolitèn nan pou mande prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE lage pye li. Aktivite sa kite demare nan yon anbyans kanaval ta pral konplike pi devan apre Matyas fin gaye …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: DLO YON LÒT FWA NAN JE FANMI POLIS NASYONAL LA.
Yon enspektè polis tonbe anba bal bandi kap opere nan antre Sid peyi a zòn vilaj de Dye nan lannwit dimanch 20 oktòb 2019 la. Jocelyn Jeantelus se non polisye sa ki pèdi vil anba bal zago loray yo, selon enfòmasyon yo enspetè a pran bal la nan tèt, pat …
Li Plis »AYITI/AKSIDAN: CHA PWOFÈT MACKENSON PÈDI FREN PLIZYÈ MOUN BLESE E TA GEN MOUN MOURI.
Plizyè moun blese apre cha pwofèt Mackenson pèdi fren nan Petyonvil spesyalman bò biwo ONA nan mach pou mande prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE lage pyel jodi Dimanch 20 Oktòb 2019 la. Selon enfòmasyon ki rive jwenn nou plizyè moun blese e ta genyon moun mouri, anpil imèjensi gentan fèt …
Li Plis »LEMOND/POLITIK :GOUVÈNMAN CHILI A RETOUNEN SOU DESIZYONL.
Aprè tout yon seri vyolans san parèy ki deklanche nan peyi Chili aprè gouvènman an te pran desizyon pou monte pri gaz la, gouvènman tounen sou desizyon li. Nan lannwit samdi 20 oktòb 2019 la, gouvènman an pa fè tèt di li oblije tounen sou desizyonl pou rekenbe menm pri …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE:BANDI NAN GRAN GWAV ATAKE YON JOUNALIS PREZANTATÈ JOUNAL PREMYE OKAZYON RADYO TELEVIZYON KARAYIB.
Bandi nan lokalite Foche nan komin Gran Gwav avèk gwo zam nan men atake kòtèj yon delagasyon kit’ap rann yo nan vil Okay ki chita kòl nan depatman Sid peyi a ayè Vandredi 18 Oktòb 2019 la, pou t’al asiste avèk lanmò papa Pierre Renèl RENÉ youn nan prezantatè emisyon …
Li Plis »LEMOND/PWOTESTASYON: GWO PANIK NAN VIL BASELÒN.
Patizan gwoup endepandantis yo pa vle bay legen, yon lòt fwa ankò yo te plizyè santèn milye manifestan te pran la ri jounen vandredi 18 oktòb 2019 la nan vil katalan nan lide pou kontinye pwoteste kont dirijan endepandantis yo ke lajistis espanyòl arete. Pandan tout pakou manifestasyon an pwotestatè …
Li Plis »AYITI / INONDASYON : KOMISARYA AVÈK PLIZYÈ ZÒN INONDE NAN SITE SOLÈY.
Nan lannwit 17 oktob 2019 la, aprè yon gwo lapli nan plizyè zòn metwopolitèn nan, plizyè katye nan Komin site solèy inonde, nan zòn ki inonde yo nap site : bwa nèf, site jera ak komisarya site solèy la. Yon sitiyasyon ki difisil pou sitwayen kap viv nan zòn sa …
Li Plis »AYITI/ENSIKIRITE:PLIZYÈ GWO KRIMINÈL JAMAYIKEN KITE NAN PRIZON VIN KACHE NAN PEYI DAYITI.
Delano WILMOT alyas « PREKEH » youn nan pi gwo kriminèl otorite nan peyi Jamayik ap chache ap flannen libe libè nan peyi Dayiti daprè yon komisè nan peyi Jamayik. Kriminèl sa akize nan plizyè zak touye moun e li menm fè afwontman avèk yon patwouy defans peyi Jamayik ki te gen …
Li Plis »