Ansyen senatè lwès la ,Jhon Joel Joseph ,ki tap entèveni sou radyo karayib fm yè aprè midi an nan emisyon entèseksyon mande aktè nan opozisyon an piga yal chita dyaloge ak Jovenel Moïse ki gen nonl site 69 fwa nan rapò lakou siperyè dè kont lan epi ki gen nonl …
Li Plis »AYITI/PWOTESTASYON:JEAN-LEONARD TOUT-PUISSANT (IZOLAN) ANONSE YON KOKENN MACH PASIFIK POU JOUNEN DIMANCH 13 OKTÒB LA
Atis ayisyen an Jean-Leonard Tout-Puissant anpil moun konnen sou nom (Izolan) anonse yon kokenn mach pasifik pou jounen dimanch 13 oktòb 2019 la ki gen pou vini an, nan lide pou mande ak prezidan repiblik la pou remèt demisyon li, nan yon pòs li fè sou paj fesbouk li jodi …
Li Plis »AYITI/DYALÒG: SEKRETARYA PALÈ NASYONAL METE NON SIS MOUN KI PRAL MENNEN DYALÒG LA.
Touswit apre prezidan sena a Carl Murat Cantave fin adresel ak nasyon an sekretarya palè nasyonal soti yon kominike ki gen sèt (7) non moun ki gen misyon pou mennen dyalòg nasyonal la. Sèt (7) moun sa gen nan tèt li Evans Paul, Josué Pierre-Louis, Colombe Emile Jessy Menos, Renald …
Li Plis »AYITI/POLITIK: PREZIDAN SENA AYISYEN AN SOTI NAN TWOU LI POU MANDE DYALÒG NASYONAL.
Prezidan sena Ayisyen an Carl Murat CANTAVE apre plizyè semèn sòti nan twou li madi 8 Oktòb 2019 la kote li mande pou respekte sena Ayisyen an menm si li konnen anpil nan yo pa gen kapasite pou ranpli misyon pèp la ba yo. Prezidan sena fè konnen sena Ayisyen …
Li Plis »ESPÒ/LDN: KEYLOR NAVAS FÈ PATI 24 JWÈ KAP GEN POU JWE KONT SELESYON NASYONAL AYISYÈN NAN NAN PEYI BAYAMAS.
Nan kad 3èm jounen lig dè nasyon CONCACAF la ,nouvo antrenè ekip Kosta Rika a Ronald González, mete lis 24 jwè li deyò vandredi 5 oktòb 2019 ki sot pase a, nan lide pou yo al jwe kont grenadye de Duckens Nazon yo 10 oktòb 2019 kap vini an nan …
Li Plis »AYITI/INONDASYON : BAKOZÈL SENKYÈM SEKSYON KOMINN SENMAK INONDE.
Nan lannwit lendi 7 Oktòb 2019 la pou ouvè madi 8 Oktòb 2019 la ,senkyèm seksyon komin senmak la bakozèl inonde akoz rivyè latibonit lan ki debòde aprè lapli kap tonbe san rete pandan semèn ki sot pase a. Yon inondasyon ki lakoz anpil dega nan lokalite sa, si nap …
Li Plis »AYITI/DEBLOZAY: LÒBÈY PETE NAN DELMA 65 ANT MANIFESTAN YO AK MOUN KAP VIV NAN ZÒN NAN.
Gwo konfli pete ak kèk moun kap viv nan Delmas 65 ak yon gwoup manifestan ki tap fouye moun moto machin e menm antre nan biznis ak kay moun al piye selon sa moun nan zòn nan fè konnen ayè 7 oktòb 2019 la. Popilasyon an te oblije kanpe pou …
Li Plis »AYITI/DYALÒG: PEYI KANADA PRAN POZISYONL SOU KRIZ PEYI DAYITI AP TRAVÈSE.
Opozisyon an depi plizyè mwa k’ap mande prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE remèt pouvwa ap retwouve yo nan ti soulye yo chak jou pi plis apre plizyè reyaksyon ki sòti nan entènasyonal la. Minis afè etranje peyi Kanada Chrystia FREELAND kondane zak vyolans pwotestatè yo fè pou dènye semèn sa …
Li Plis »AYITI/JISTIS: MÈT MILNÈVE D’HAITI SE NOUVO BATONYE LÒD AVOKA AKEN YO.
Bawo aken an gen yon nouvo batonye. Se Mèt Milnève D’Haïti ki ranplase nan pòs sa mèt Kennedy Berandoive ki pase anviwon 10 lane nan tèt batona a. Avek 26 vwa sou 40 avoka kite bò kote Mèt D’Haïti ranpòte eleksyon kite fèt nan bawo sa lendi 7 oktòb la. …
Li Plis »AYITI/JISTIS: YON BILAN MÈG POU TRIBINAL AKEN AN POU ANE JIDISYÈ 2018-2019 LA.
83 zafè sivil, 15 zafè kriminèl, 38 zafè koreksyonèl, 15 zafè an refere, 6 zafè an Habeas corpus ( abeyas kòpous), 32 divòs, 106 moun jwen gras tribinal la, jij yo rann 89 òdonans kloti. Se kantite zafè sa yo tribinal la trete pandan tout ane jidisyè 2018-2019 la. Doyen …
Li Plis »