Enspektè adjwen Emanuel GONZALEZ akize paskel te mande a plizyè polisye k’ap travay nan yon komisarya vil BROOKLYN pou ta tire 50cent 7 juin nan lane 2018 pase a pandan li t’ap asiste a yon match boxe caritatif selon enfòmasyon yo rive jwenn 50cent bò kote pal fè konnen li …
Li Plis »AYITI PNH: LAPOLIS METE ANBA KÒD 7 ETRANJE AK YON AYISYEN AK GWO ZAM FANN FWA.
Polis nasyonal la fè yon gwo kout filè nan lannwit dimanch 17 fevriye 2019 la kote yo mete men sou sèt (7) etranje ak yon ayisyen ki te chaje kou legba ak gwo zam lagè nan yon machin nan zòn BRH. Mesye sa yo ki nan men lapolis nan moman …
Li Plis »AYITI DISKOU: PREMYE MINIS LAN ADRESEL A NASYON AN JAN SA TE ANONSE A.
DISKOU PREMYE MINIS JEAN HENRY CÉANT anviwon 10 jou depi peyi a bloke akoz pèp Ayisyen an k’ap manifeste kont lavichè, pou eseye pote yon akalmi sou sitiyasyon si la, nan yon diskou adrese ak pèp Ayisyen an ayè Samdi 16 fevriye 2019 la Premye Minis Jean Henry Céant pale …
Li Plis »AYITI KANAVAL JAKMÈL: AKTIVITE KANAVAL YO AP REPRANN DIMANCH NAN VIL JAKMÈL.
Aktivite prekanavalès yo ap redemare dimanche 17 fevriye 2019 la nan vil Jakmel apre otorite meri yo te deside anile wikenn pase tout aktivite prekanavalès yo akoz sityasyon latwoublay ki gen nan peyi a. Desizyon sa pran swit ak yon rankont lameri, biwo kanaval la ak aktè kanaval yo jedi …
Li Plis »NOUVÈL LÒT BÒ DLO: PLIZYÈ MOUN MOURI NAN YON FIZIYAD NAN AURORA TOU PRÈ CHICAGO.
Pou pi piti (5) moun mouri e plizyè lot blese nan yon fiziyad. Sa pase nan Aurora, zòn Chicago ayè vandredi 15 fevriye an, nan lannwit. Nan aprè midi, tout chèn televizyon amerikèn yo tap bay menm enfòmasyon, yon dizèn machin polis konsantre nan zòn fiziyad la, te fèt lan. …
Li Plis »AYITI MANIFESTASYON: GWO KÈ SOTE NAN MITAN MITAN GWOUP KI NOME TÈT YO SEKTÈ DEMOKRATIK EPI POPILÈ A.
Gwoup nan opozisyon an ki rele tèt yo sektè demokratik epi popilè a kouri soti yon nòt pou kondane epi mande padon pou zak kote ayè vandredi 15 fevriye 2019 la yon gwoup manifestan ki tap mande demisyon prezidan repiblik la Jovenel Moise mete dife nan yon drapo peyi Etazini …
Li Plis »AYITI JOB: 2000 DJÒB DEJA DISPONIB PAMI 200 000 KI PRAL KREYE NAN PEYI A.
Minis kominikasyon an Jean-Michel Lapin ki tap reyaji nan yon emisyon sou radyo Mega nan lannwit vandredi 15 fevriye 2019 la deklare 2000 djòb gentan disponib a travè meri yo nan tout peyi a sitou nan zòn ki bloke yo. Selon minis la desizyon sila pran sou lòd prezidan repiblik …
Li Plis »AYITI ETAZINI: PEYI ETAZINI REYAJI APRE PREZIDAN REPIBLIK LA FIN ADRESEL AK NASYON AN.
Gouvènman peyi Etazini pataje konba pèp ayisyen an ap fè pou genyon Ayiti kote tout ayisyen ap kapab fyè nan respekte dwa yo genyen. Men pou sa rive fèt daprè gouvènman peyi Etazini se nan dyalòg ak konpwomi k’ap kondwi pèp ayisyen an a yon gouvènman ki fò kote chak …
Li Plis »AYITI KRIZ: NÈF (9) JOU DEPI PÈP AYISYEN KI NAN PI FÒ PEYI A, AP MONTE YON KALVÈ PA DO.
Depi 7 fevriye 2019 sitiyasyon peyi a ap konfwonte rete anmè nan gou bouch majorite Ayisyen , pèp la fache, tansyon yo monte, yo pran lari bloke anwo kou anba pou manifeste kont lavi chè, epi mande depa prezidan Repiblik la. Yon sitiyasyon ki vin lakoz si la ki te …
Li Plis »AYITI ETAZINI: OTORITE NAN PEYI DAYITI YO REMÈT INOCENT JEAN EDINORD BAY DEA.
Ansyen komisè polis Inocent Jean Edinord ale nan peyi Etazini ayè mèkredi 13 fevriye 2019 la kote li pral reponn kesyon lajistis peyi Etazini sou zafè dwòg ak plizyè lòt akizasyon li gen sou do li. Yon avyon ki soti nan peyi Etazini antre vin chache ayè byen bonè ansyen …
Li Plis »