Ansyen chèf kanpay elektoryal prezidan Donald Trump , Paul Manafort. Foto sketch sa a montre Manafort nan tribinal kote lap reponn akizasyon pou fwod bankè ak fiskal, akizasyon sa yo se rezilta ankèt pwokirè espesyal Robert Mueller ap mennen sou entèreferans lari nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la ozetazini . …
Li Plis »ENFO PI LWEN LAKAY: ANSYEN SEKRETÈ JENERAL ONI AN KOFI ANNAN MOURI.
Ansyen sekretè jeneral òganizasyon tout nasyon yo ( ONU, sig nan lang fransè) ak pri nobèl lapè , Kofi Annan vale vale dlo bouch li jodi samdi 18 out 2018 la , daprè sa fanmi li anonse nan yon kominike. San bay twop detay , pwòch defen an siyale diplomat …
Li Plis »AYITI POLITIK: SENA A FÒME YON KOMISYON 7 MANM POU ETIDYE DOSYE PREMYE MINIS NOME A.
Sena ayisyen an , ki te reyini jedi 16 out 2018 la , fòme yon komisyon 7 manm ki pral analize dosye premye minis nonmen an mèt Jean Henry Céant . Desizyon sa a pran nan moman pwochen lokatè primati a ap rankontre palmantè , pati politik , reprezantan kolektive …
Li Plis »Ayiti Polis: Lapolis jwenn sipò plizyè patnèt entènasyonal nan kad lit kont trafik Moun sou fwontyè a
Otorite polis nasyonal la, PNH ak anbasadè Etazini a ann Michele Sison ki poze pou yon fot pandan seremoni inogirasyon enstalasyon pano solèy nan Baz polis fwontalyè a nan mòn Kas , nòdès peyi Dayiti , 14 out 2018 la. Yon delegasyon plizyè otorite nasyonal e entènasyonal patisipe nan seremoni …
Li Plis »AYITI POLITIK: JEAN HENRY CEANT KONDANE TOUT MENAS KAP FÈT SOU PALMAN AN.
Biwo kominikasyon premye minis la nonmen an , Jean Henry Céant , kondane ak tou fòs li yon videyo chaje ak menas kont palman an Ki gaye sou rezo sosyal yo. Nan yon nòt biwo a mete deyò ayè jedi 16 out 2018 la, Jean Henry Céant di okenn sektè …
Li Plis »AYITI KORIPSYON/PETROKARIBE: SENA REPIBLIK LA ENVITE DIMITRI VORBE POU VIN BAY DETAY SOU YON SERI DE TWIT LAP FÈ DÈNYE TAN SA YO.
Komisyon etik ak antikòripsyon sena repiblik la envite sitwayen Dimitri Vorbe mèkredi 22 dawout kap vini la. Patwon sogener a ta dwe bay manm komisyon an detay sou enfòmasyon li te pataje sou rezo sosyal twitter, senmenn pase a , kòmkwa gen gwo otorite nan leta a ki te konn …
Li Plis »AYITI POLITIK: ERIC JEAN BAPTISTE PRAN TÈT PATI POLITIK RDNP.
Pase 84% delege Rasanbleman Demokrat Nasyonal Progresis yo (RNDP) Chwazi Eric Jean Baptiste kòm sekretè jeneral pati a. Ansyen kandida pou pòs prezidan an pwomèt li pral travay pou pèmèt RDNP pran pouvwa a nan lide pou chanje kondisyon lavi mounn ki pi mal yo epi mete peyi a sou chimen …
Li Plis »POU YON AYISYEN ANTRE NAN PEYI AJANTIN LAP BEZWEN YON VIZA TOURIS.
Anbadadè ajantin nan an ayiti Pedro Cornelo Von Eyken konfime apati de fen mwa out 2018 la tout ayisyen ki prale an ajantin bezwen yon viza touris. Daprè nouvèl yo an janvye 2018 anbasad la te estime te gen prèske 60 mil ayisyen kap viv an ajantin pifò pami yo …
Li Plis »AYITI ILA: YON LÒT DWAYEN NAN TÈT FAKILTE ETNOLOJI.
Konsèy egzekitif inivèsite leta ayiti a (ILA) anonse, nan yon nòt ofisyèl , dwayen fakilte etnoloji a, Jean Yves Blot , pran konje poul al etidye. Nan nòt sa ki parèt Madi 14 out 2018 la, konsèy egzekitif inivèsite leta a » enfòme kominote inivèsite a dwayen Jean Yves Blot …
Li Plis »AYITI DIFE: GWO DIFE EKLATE NAN DISTRI ESKOL PÒMAGO A
Nan lanwit Madi 14 pou louvri mèkredi 15 dawout la, endividi otorite yo poko idantifye mete dife nan lokal distri eskòl pòmago a ( depatman nò) Daprè sa kolaboratè Echo Jounal konstate . Atoufè yo komèt yon zak sa twa (3) semèn selman avan lekòl la louvri. Kervens Louis Kervenslouis459@gmail.com …
Li Plis »