‎​Ki moun Valanten te ye tout bon?

‎​Istwa a kòmanse nan lavil Wòm nan twazyèm syèk la. Nan epòk sa a, te gen yon anperè ki te rele Klod II (Claude II). Misye te panse gason ki selibatè te fè pi bon sòlda pase sa ki marye yo, paske yo pa t ap gen tèt chaje pou fanmi yo. Se konsa, li te deside entèdi jèn gason marye.

‎​Men, te gen yon pè katolik ki te rele Valanten ki pa te dakò ak lwa sa a ditou. Li te jwenn sa enjis. An kachèt, Valanten te kontinye ap marye jèn dam ak jèn mesye ki te damou yo.
‎​Lè anperè a vin rann li kont, li te fè arete Valanten epi jete li nan prizon. Yo te kondane li pou yo koupe tèt li.

‎​Poukisa se 14 fevriye?
‎​Dapre lejann nan, pandan Valanten te nan prizon an, li te tonbe damou pou pitit fi gad prizon an ki te avèg. Yo di yon mirak te fèt kote tifi a te rekòmanse wè. Anvan yo te egzekite li, Valanten te ekri tifi a yon lèt li te siyen: « Nan men Valanten pa w la »
‎​Yo te touye Valanten nan dat 14 fevriye, nan lanne 270. Se dat sa a Legliz Katolik te chwazi pita pou onore memwa li kòm « patwon moun ki renmen ».

‎​
‎​Gen kèk istoryen ki di tou se nan lane 496, Pap Gelasius Ii te chwazi dat 14 fevriye a pou li te ka « kase » yon fèt payen ki te rele Lupercalia. Se te yon fèt ki te konn fèt nan mitan mwa fevriye kote moun yo te konn fè seremoni pou fè tè a bay rannman epi selebre fètilite.

‎​Lè yo te mete fèt Sen Valanten an nan plas li, yo te bay mwa fevriye a yon sans ki pi dous, ki vire bò kote lanmou ak afeksyon.
‎​Sa pou nou kenbe:
‎​Valanten te yon mati ki te bay lavi li pou defann dwa moun genyen pou yo marye.
‎​Wouj la reprezante san li te koule a, men tou pasyon ki gen nan kè moun.
‎​Jodi a, fèt la pa sèlman pou « mennaj », li se yon okazyon pou montre zanmi ak fanmi nou apresye yo.

‎Nan lakou peyi Dayiti moun ki nan mistik yo (sèvitè lwa yo) itilize jou sa pou resevwa rèn Ézili Freda ki senbolize lanmou nan vodou a, se nan jou sa tou gen moun ki tou ba li manje, depoze flè, gato, bwason pou site sa yo.

‎​Bòn fèt Sen Valanten pou tout moun!

About Emmanuel Hubert

Check Also

Qu’est-ce que la procrastination:Est-ce de la paresse ?/causes principales/conséquences/

La procrastination est un sujet qui touche presque tout le monde à un moment ou …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager