Nan yon odyans, devan Sena ameriken an, madi 10 fevriye 2026 la, diplomat Henry T. Wooster trase yon tablo klè sou jan Lèzetazini wè sitiyasyon Ayiti a. Ant sekirite, fòs miltinasyonal ak eleksyon, Washington vle evite yon sèl bagay: « fondman total Leta ayisyen an. »
Dapre Henry T. Wooster, gouvènman ameriken an gen yon sèl vizyon pou ane 2026 la: estabilize peyi a pou anpeche yon kriz migrasyon masiv ki ka frape kòt Florid yo epi pwoteje enterè sekirite nan rejyon an.
Wooster pa te kache reyalite a devan senatè yo. Li fè konnen gen anviwon 12 000 manm gang ki ap simen laperèz nan peyi a. Fas ak yo, li deklare se sèlman 6 000 ajan ki rete nan Polisi Nasyonal peyi Dayiti (PNH), epi pami yo, se sèlman 400 polisye ki vrèman sou teren an ap batay chak jou kont nèg ak zam. Dapre diplomat la, feblès sa a fòse kominote entènasyonal la aji pi vit.
Gwo nouvèl ki soti nan odyans sa a, se konfimasyon yon fòs mentyen lapè ki gen benediksyon Nasyonzini ki ap gen pou li debake sou tè Dayiti apati mwa avril 2026.
Efektif : 5 500 moun (militè ak polisyen).
Misyon : Kore PNH la, kraze fòs gang yo, epi sekirize wout ak pò yo.
Sanksyon : Washington pwomèt li p ap dekouraje nan bay sanksyon kont moun ki ap finanse kriminèl ak moun ki ap benyen nan koripsyon.
Lèzetazini rekonèt travay Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ap fè a. Wooster prezante li kòm yon « patnè solid » ki kenbe tèt malgre presyon ak tantativ pou mete li deyò nan tèt gouvènman an. Pou Washington, gouvènman sa a gen yon sèl misyon prensipal: mennen peyi a nan eleksyon nan kouran ane 2026 la.
Pou diplomat ameriken an, si anyen pa fèt kounye a, Ayiti ka tounen yon « twou nwa » nan Karayib la. Plan Etazini an chita sou de pye: yon fòs militè solid pou kase dan gang yo, ak yon pwosesis politik rapid pou remete yon prezidan eli nan tèt peyi a anvan fen ane a.
Echojounal echojounal.net