Lemond/Migran: Plis pase 400 mil migran ladan yo 17 mil ayisyen livre tèt yo nan yon « Jungle » pou ane 2024 la.

Yon biwo ki ap defann dwa moun nan peyi Panama mete deyò nan dat 7 fevriye 2025 lan yon rapò sou kantite milgran ki riske vi yo pandan ane 2024 la nan travèse youn nan pi gwo « Jungle » ki gen nan mond lan « jungle de Darién » pou al chache lavi miyò nan Peyi Etazini, Kanada, Meksik pou site sa yo.

Selon rapò a gen pou pi piti 400,612 migran ki anrejistre e ki soti nan plizyè peyi tankou: Venezyela ki gen plis pase 302,185 migran, Ekwatè 22,785, Kolonbi 17,529, Ayiti 17,329, Lachin 12,214 ak peyi End ki vin an dènye ak 6,927 migran, toujou selon rapò nan 400, 612 migran sa yo gen 126,151 fanm, 195,369 gason ak 72,092 timoun piti.

Nou ap ou fè konnen « Jungle » sa chita kò li ant fwontyè peyi Kolonbi ak Panama li mezire 160 kilomèt nan longè, 50 kilomèt nan lajè li pa gen ni wout trase ni okenn enfrastrikti se yon rak bwa chaje labou, ou pa jwenn ni manje bwè, li chaje ak gwo bèt sovaj tout kalite se li ki pi danje nan mond lan, yo konn vyole medàm yo, touye mesye yo, bèt konn manje yo, dlo konn ale ak yo, pou di sa yo.

Pou ane 2025 lan flo migran yo desann nèt selon konsta « Service National des Migrations » ki gen pou sig (SNM) kote pou mwa janvye 2025 lan yo anrejistre sèlman 2,158 poutan nan mwa janvye 2024 la yo te anrejistre 34, 839.

 

kredi ak sous chif yo: Haiti libre.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …