Nan okazyon katriyèm ane depi Larisi te anvayi peyi Ikrèn, lidè sèt pi gwo pwisans ekonomik mondyal yo (G7) pibliye yon deklarasyon konjwen jounen madi 24 fevriye 2026 lan. Nan dokiman sa a, yo sèmante yo gen yon « soutyen san fay » pou pèp ikrenyen an nan batay li ap mennen pou pwoteje limit tèritwa li ak dwa li genyen pou li egziste kòm yon nasyon.
Sa ki rale atansyon anpil obsèvatè, se premye fwa depi Donald Trump tounen nan Lamezon Blanch sa gen yon ane, lidè G7 yo jwenn yon antant konsa sou dosye a.
Deklarasyon an, ki soti anba prezidans peyi lafrans pou ane sa a, montre yon chanjman nan diplomasi a. Lidè yo eksprime sipò yo pou demach Prezidan Trump ap fè pou eseye mete yon pwosesis lapè sou pye epi fòse de kan yo (Ikrèn ak Larisi) chita nan diskisyon dirèk.
Men pwen prensipal ki soti nan nòt la:
* Soutyen pou Ikrèn: G7 la rekonèt dwa Ikrèn genyen pou li defann tèt li devan atak Larisi yo.
* Wòl Ewòp: Lidè yo ensiste pou di peyi an Ewòp yo dwe gen yon « ròl premye plan » nan negosyasyon sa yo ki ap vini an.
* Inite retabli: Malgre kèk krent sou jan relasyon ant Etazini ak alye li yo ta ka ye ak retou Trump, deklarasyon sa a montre yo vle pale ak yon sèl vwa devan Moskou.
Dapre sous ki soti nan palè Élysée nan vil Paris, deklarasyon sa a enpòtan anpil paske li montre gen yon kowòdinasyon ki ap fèt ant gwo pwisans yo (Etazini, Lafrans, Wayòm Ini, Almay, Itali, Kanada ak Japon). Yo vle asire yo ke nenpòt solisyon ki jwenn pou lagè a pa fèt nan do peyi ewopeyen yo, ki se premye moun ki afekte pa kriz sa a.
Pandan lagè sa a ap antre nan senkyèm ane li, je tout monn nan fikse sou fason diskisyon sa yo pral demare ak ki kondisyon Ikrèn pral mete sou tab la pou yon posib sispann-tire.
Echojounal echojounal.net