Leta ap pare kou pou monte pri gaz la: Alix Didier Fils-Aimé ap bay pèp la yon kout ponya nan do

Pandan nasyon an ap nwaye nan yon kriz sekirite san parèy kote bandi ap taye banda, gouvènman enterimè Alix Didier Fils-Aimé a deside li lè pou li fini ak rès souf ki nan kò malere. Dimanch 29 mas 2026 sa, Premye Minis la enstale yon « Konsèy Konsiltatif » ki gen yon sèl misyon: ofisyèlize ogmantasyon pri gaz la sou mache a.

‎Dapre sous ofisyèl yo, Konsèy sa a gen ladan li reprezantan sendika (Montès Joseph, Jacques Anderson Desroches, Méhu Changeux), reprezantan Leta (Vladimyr Monval, Steeve Polycarpe, Jean Nerva Siméon), ak sektè lwil la (Mildred Noisy, David Turnier, Jean Jackson Marseille). Men, dèyè bèl non sa yo, se yon konplo ki ap mare pou pouse pri lavi a pi wo toujou.

‎Yon Leta ki wè lè pri a monte, men ki avèg lè li desann
‎Sa ki pi rèd la, se jan Alix Didier Fils-Aimé, ki sou pouvwa depi novanm 2024, ap sèvi ak pretèks « mache entènasyonal » la sèlman lè sa aranje li. Pandan mwa ki sot pase yo, lè pri baril la te desann sou mache mondyal la, gouvènman an pa te janm fè okenn efò pou li te desann pri gaz la nan ponp yo an Ayiti. Men kounye a pri a fè yon ti rale moute deyò a, yo kouri kòmanse kalkile kijan pou yo rache plis lajan nan pòch popilasyon an.

‎Se yon politik « bay de kout, pran de kout » kote se pèp la ki ap toujou pèdi.
‎Double peyaj: Leta ak Bandi ap dechèpiye chofè yo
‎Pandan gouvènman an ap pale de pèt nan resèt fiskal, li bliye fèmen je sou pi gwo taks pèp la ap peye jodi a: taks bandi ak zam.

‎Vwayaje sou wout nasyonal yo tounen yon maladi tèt. Chofè ak pasaje yo deja anba yon doub peyaj ki sanble ak yon kòd nan kou:
‎ * Peyaj Bandi: Nan chak kafou, nèg ak zam kanpe pou rache lajan nan men chofè yo anba je otorite yo ki pa fè anyen.
‎ * Peyaj Leta: Kounye a, Alix Didier Fils-Aimé vle ajoute « taks pa l » la lè li moute pri gaz la, sa ki pral fè pri kous yo eksploze plis toujou pandan sekirite a se zero bare.

‎Yon pèp ki bouke ak bèl pawòl ak komisyon
‎Pandan estasyon gaz yo kòmanse gen gwo fil, e popilasyon an ap panike, anpil moun ap mande: Ki valè « pleins pouvoirs » Premye Minis la di li genyen yo si li pa ka itilize yo pou kraze gang ki ap bloke wout yo?

‎Lè yon gouvènman chwazi moute pri lavi a nan yon moman kote pèp la ap peri anba bal epi wout yo tounen pèlen tèt, sa pa rele ekonomi ankò. Se yon mank de sansiblite total pou yon nasyon ki ap soufri. Alix Didier Fils-Aimé ak komisyon li an gen responsablite sou do yo pou chak grangou ak chak moun ki pa ka deplase akoz desizyon tèt anba sa yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

8 Mars 2026 : Célébrer l’Audace, l’Engagement et la Fidélité au Féminin

En ce dimanche 8 mars 2026, les rues de Port-au-Prince et du monde entier résonnent …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager