Pandan dat 7 fevriye a ap pwoche tankou yon epe ki ap pandye sou tèt peyi a, nou ap asiste nan jou sa yo yon bèl pyès teyat kote aktè yo pa menm konn ròl yo ankò. CARICOM, ki te prezante tèt li kòm « sovè » lè li te ap monte Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon chak moun fè ti kout la (KPT), selon anpil moun tounen jodi a ak menm vye resèt la, kòmsi memwa pèp la kout.
Sa ki pi bizar nan koze a, se wè jan diplomat CARICOM yo ap depale. Yo rekonèt jodi a, san gade dèyè, ke KPT a echwe. Yo rekonèt kòripsyon ak enkapasite ki ap devore tranzisyon an. Men, sa yo bliye di, se ke se yo menm ki te fòse peyi a vale grenn medikaman anmè sa a. KPT a pa te soti nan yon konsansis nasyonal tout bon vre, li te soti nan biwo nan peyi Jamayik ak anba presyon Washington.
Jodi a, olye yo rale kò yo paske plan yo a pa mache, yo vle tounen « mèt Jacques ». Yo anvi jwe ròl medyatè ankò pou yo mete yon lòt estrikti, pandan yo ap fè kòmsi yo pa gen okenn responsablite nan dezas peyi ap viv la. Se sa nou rele nan bon kreyòl: « Lave men, siye atè ».
Jwèt « Gouvènman Teknokrat » la: Yon lòt pèlen?
Kounye a, gwo koze ki ap pale nan koulwa CARICOM yo, se mete yon gouvènman « teknokrat » ki pa gen koulè politik. Sou papye, sa parèt bèl. Men, nan reyalite Ayiti a, nou konnen jwèt la:
Yo vle mete moun pa yo: Moun ki pap gen okenn fòs politik pou di kominote entènasyonal la NON.
Yo vle lave figi yo: Lè yo pale de moun ki pa kòwonpi, se kòmsi yo ap di se klas politik la sèlman ki koupab, pandan se CARICOM ki te chwazi chita ak menm politisyen sa yo pou yo te ka jwenn « bèl foto » diplomatik yo te bezwen an.
7 fevriye: Yon dat ki ap vini nan fènwa
Ameriken yo gentan anonse koulè a, yo gentan ap fè prediksyon sou sa ki pral pase. Antretan, CARICOM ap nwaye nan diskou ki pa gen ni pye ni tèt. Aktè politik yo menm, olye yo chèche yon solisyon ayisyen, yo ap itilize « kalkilatris » CARICOM nan pou yo wè ki jan yo ka pouse premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé deyò pou yo ka pran plas la.
Sa ki ap pase la a, se yon veritab « dyalòg moun soud ». Pèsonn pa tande pèp la ki ap mouri anba bal gang, pèsonn pa wè grangou a ki ap koupe trip moun. Tout sa ki enterese medyatè sa yo, se kenbe men yo nan po vèmisèl Ayiti a, menmsi se yo menm ki te vide pwazon ladan li depi nan konmansman.
Li lè pou CARICOM sispann pran Ayiti pou yon laboratwa kote yo ap fè eksperyans ki toujou fini nan san ak dlo nan je. Ou pa ka echwe nan yon misyon, epi se ou ki ap vin pwopoze menm misyon an ankò kòm si anyen pa te pase.
Echojounal echojounal.net