Pandan pèp ayisyen an te ap tann yon souf anba men gang ame ki ap dechèpiye peyi a, se yon lòt kalite nouvèl ki ap tonbe tankou yon kout mas: polisye kenyan ki te nan Fos Misyon Miltinasyonal pou Sipò ak Sekirite (MMAS) yo ta enplike nan gwo ka abi seksyèl sou timoun ak jèn fi.
Daprè yon rapò ki soti nan biwo Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun pou ane 2025 lan, gen gwo ka sispèk ki ap peze sou do plizyè ajan kenyan yo. Viktim yo, ki gen laj 12, 16 ak 18 lane, se jèn fi ki te sipoze jwenn pwoteksyon anba men fòs sa a, men ki ta vin tounen sib pou move zak sa yo.
Yon echèk nan batay kont gang yo
Lè premye kontenjan kenyan yo te moute desann nan Pòtoprens, diskou a te klè: yo te vin pou demaske gang, repran kontwòl teritwa yo, epi pèmèt lavi retounen nòmal. Men, mwa apre mwa, reyalite a rete menm jan an. Gang yo kontinye ap dikte lalwa, popilasyon an ap kouri kite kay yo, epi zam yo pa sispann chante.
Si rezilta nan batay kont bandi yo difisil pou jwenn ak loup, sanble li pi fasil pou ajan etranje sa yo jwenn tan pou yo komèt abi sou moun ki pi frajil yo.
Gen yon pawòl ki kòmanse ap sikile nan lari Pòtoprens: « Si yo pa reyisi kase ponyèt gang yo, yo reyisi kite mak pye yo nan kò tifi nou yo. » Istwa sa a raple ayisyen yo move souvni misyon MINUSTAH a, kote soldat Nasyonzini te kite dèyè yo yon pakèt pitit san papa ak yon seri eskandal vyòl ki pa janm jwenn jistis. Jodi a, akizasyon sa yo sou polisye kenyan yo mete yon gwo dlo nan je popilasyon an ki santi li trayi yon lòt fwa ankò.
Òganizasyon dwa moun yo nan peyi a deja kanpe an kwa. Yo mande pou:
* Gen yon ankèt endepandan ki fèt prese prese.
* Leta ayisyen ak otorite kenyan yo sispann kache dèyè « imilite diplomatik » pou yo jije koupab yo.
* Pran swen ak akonpayman pou ti fi 12 ak 16 lane sa yo ki sibi zak malonèt sa yo.
Li klè, si misyon MMAS la pa ka bay sekirite, li pa gen okenn dwa vin ogmante soufrans yon pèp ki deja ap mouri anba bal ak grangou. Tras yo te pwomèt kite a se te lapè, se pa mak abi seksyèl.
Echojounal echojounal.net