Okay/Aterisaj fòse: Yon avyon Island Birds fè yon aterisaj fòse nan Fonfrèd, tout moun soti vivan

Yon gwo kouri te pete nan maten madi 3 fevriye 2026 lan nan dezyèm seksyon kominal Okay, espesyalman nan zòn Démion, Fonfrèd, apre yon avyon komèsyal te oblije poze an katastwòf nan yon jaden. Malgre gwo kè sote sa a, otorite yo konfime pa gen okenn moun ki pèdi lavi yo.

​Avyon an, ki se yon modèl Piper PA-31-350 Navajo Chieftain ki anrejistre sou nimewo N45SR, se pou konpayi charter Island Birds. Aparèy la, ki gen koulè ble ak blan, te gen sis (6) moun abò li lè aksidan an rive : yon pilòt ki se yon etranje ak senk (5) pasaje ki se Ayisyen.

​Dapre temwen nan zòn nan, avyon an te parèt gen difikilte anvan li te touche tè a. Nan moman aterisaj fòse a, youn nan zèl avyon an pran gwo domaj, men pilòt la te rive kontwole aparèy la ase pou evite yon pi gwo dezas.

​Touswit apre aksidan an, ajan Pwoteksyon Sivil te rive sou plas pou pote sekou bay moun ki te nan avyon an. Malgre pa gen moun ki blese grav ni ki mouri, sekouris yo transpòte tout sis okipan yo lopital pou doktè ka fè verifikasyon nesesè sou eta sante yo ak chòk sikolojik yo ka sibi.

​Pou kounye a, otorite nan aviyasyon sivil la poko bay detay sou kote avyon an te ap soti ni ki kote li ta prale. Plizyè delegasyon otorite lokal ak teknisyen deplase ale sou teren an pou evalye sityasyon an epi kòmanse yon ankèt pou detèmine kisa ki lakòz gwo pwoblèm teknik sa a.

​Popilasyon nan Fonfrèd rete mobilize bò kote debri avyon an, pandan y ap mande plis eksplikasyon sou prezans aparèy sa a nan syèl zòn nan maten an.

About Echojounal

Check Also

Dialogue USA-Cuba : Le grand flou diplomatique

Alors que Donald Trump multiplie les déclarations sur l’existence de négociations imminentes avec Cuba, les …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager