PTRA Konnen Lanbi Rasanbleman an: Jean Luckner Pierre Rele pou Yon « Soulèvman Jeneral » pou Sove Ayiti

Nan yon moman kote peyi Dayiti ap travèse youn nan kriz ki pi pwofon nan istwa li, Sekretè Jeneral Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen an (PTRA), Mouche Jean Luckner Pierre, lanse yon apèl solid bay tout « patriyo konsekan » pou yon revèy nasyonal ki chita sou rasin revolisyonè 1804 la.

Dapre lidè PTRA a, sitiyasyon malouk peyi a ap viv jodi a pa fèt pa konyensidans. Se rezilta yon plan ki te trasé depi apre viktwa kokennchenn zansèt nou yo nan dat 18 novanm 1803. Pou Jean Luckner Pierre, sistèm enperyalis ak kolonyalis mondyal la pa janm padone Ayiti dèske li te premye nasyon nèg ki te kase chèn esklavaj la.

Mouche Pierre raple ak anpil fòs kijan zansèt nou yo, soti nan revòlt Makandal pou rive nan seremoni Bwa Kayiman, te chwazi modòd « Libète ou Lanmò ». Li denonse tou fason kèk lidè nan listwa nou, tankou Petyon ak Bwaye, te chanje deviz revolisyonè sa a pou ranplase li ak deviz kolon yo: « Libète, Egalite, Fratènite », yon zak li konsidere kòm yon premye etap nan febliman nasyon an.

Nan analiz li a, Sekretè Jeneral PTRA a lonje dwèt sou Etazini ki, depi lokipasyon 1915 lan, kenbe pye li sou kou pèp Ayisyen an. Li deklare ke fòm « kòve » yo te itilize nan epòk sa a se te yon lòt fòm esklavaj degize. Jodi a, li estime ke gen yon plan klè pou disparèt Ayiti sou kat mondyal la poutèt wòl lidèchip moral ak liberatè peyi a te toujou jwe pou lòt pèp ki anba chenn.
Vizyon PTRA: Pouvwa Sosyalis ak Selil Revolisyonè

Devan dekonpozisyon Leta a ak soufrans mas pèp la, Jean Luckner Pierre kwè sèl solisyon an se yon « rupture total ». Li pa nan dyalòg ak sistèm nan, men nan yon « soulèvman jeneral òganize ».

Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen an (PTRA) ap travay pou:
* Moute selil revolisyonè nan tout kwen peyi a pou ankadre revandikasyon mas yo.
* Konstwi yon pouvwa sosyalis revolisyonè ki pral defann enterè travayè, kiltivatè, ak tout moun ki ap sibi maspinay.
* Retounen nan diyite 1804 la nan dechouke tout fòm dominasyon etranje.

Pou fini, Jean Luckner Pierre mande pou tout moun ki santi yo se pitit Desalin pou yo mete yo anba drapo rasanbleman an. Mesaj la klè: Ayiti pa ka sove nan mande charite nan men sa yo ki ap toufe li a, se sèlman yon fòs popilè òganize ki ka rache libète li yon dezyèm fwa.

« Sèl solisyon ki ka sove peyi a, se fè menm travay zansèt yo te fè a, » se sa Sekretè Jeneral la konkli, pandan li ap mande pou lanbi revolisyon an kònen nan kat kwen peyi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti/Carnaval : Le carnaval endeuillé par la fureur d’un policier enivré

Ce qui devait être le point d’orgue de la troisième journée grasse au Cap-Haïtien a …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager