Pandan lidè pi gwo peyi nan kontinan ameriken an te reyini nan Miami jodi samdi 7 mas 2026 la pou siyen yon akò istorik kont kriminèl, gen yon absans ki fè anpil bri: Ayiti pa te envite.
Prezidan ameriken an, ansanm ak chèf leta ak gouvènman alye ki pi pwòch Etazini yo, siyen yon dokiman enpòtan nan fen « Somè Bouclier nan Amerik yo » (Shield of the Americas Summit). Objektif la klè: double fòs pou kraze katèl dwòg yo, dechouke òganizasyon kriminèl yo, epi pataje enfòmasyon sekrè pou konbat teworis nan rejyon an.
Pandan somè sa a te konsantre sou sekirite, trafik dwòg, ak kriz migratwa — twa (3) pwen ki nan kè pwoblèm Ayiti ap travèse yo — lefètke yo kite otorite ayisyen yo deyò a sanble ak yon mesaj klè Washington voye bay Pòtoprens.
Pou anpil obsèvatè, sa se yon « gwo souflèt » pou Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé. Depi li te pran tèt Primati a, Fils-Aimé pa sispann mande sipò Etazini pou konbat gang ame ki ap taye banda nan peyi a. Men, refi sa a montre gen yon gwo kriz konfyans ant de (2) peyi yo.
Sanble diplomat ameriken yo pa fin kwè nan kapasite gouvènman tranzisyon an ankò. Men kèk rezon ki ap sikile nan koulwa politik yo:
- Yon kabinè ki pa konvenk: Popilasyon an ak kominote entènasyonal la kritike chwa minis yo, kote anpil ladan yo jije kòm moun ki pa gen konpetans pou jere kriz la.
- Kriz sekirite ki pa frennen: Malgre chanjman nan tèt gouvènman an, gang yo kontinye ap okipe plis teren, sa ki fè Washington doute sou estrateji lokal yo.
- Enstabilite politik: Sanble Etazini pito travay ak « alye solid » tankou Repiblik Dominikèn oswa El Salvador olye yo konte sou yon pouvwa an Ayiti ki sanble ap pèdi pye.
Lefètke Ayiti pa fè pati « Bouclier » sa a, sa vle di peyi a riske pèdi aksè ak nouvo resous ak enfòmasyon sekrè ki pral pataje ant lòt peyi yo pou konbat rezo kriminèl yo. Sa mete gouvènman Fils-Aimé a nan yon pozisyon trè frajil, kote li ka twouve li pou kont li devan presyon gang yo ak kòlè pèp la.
Pòtoprens poko reyaji ofisyèlman sou koze sa a, men anpil moun ap mande: èske se kòmansman yon abandon total, oubyen èske se yon fason pou Washington fòse yon lòt chanjman nan tèt leta a?
Echojounal echojounal.net