Chak jou Bondye mete sityasyon pèp ayisyen an ap vin pi konplike, soti nan yon seri zòn nan peyi Dayiti vin yon peche mòtèl, yon lòt fòm nan ensekirite a ki koz anpil moun deja pèdi lavi yo.
Selon anpil temwanyaj de moun ki soti nan zòn Simon Pele, ba Dèlma, Dèlma 19,30, Kanaran, Site solèy, Lasalin, Matisan, Fontamara pou site sa yo deja pèdi lavi yo jis paske yo soti nan zòn sa yo, sa ke yo pa gentan touye lapolis mete yo anba kòd e akize yo de manm « Viv Ansanm », yon etikèt pou tou kondane moun sa yo ki pa gen ni rele ni reponn.
Yon sityasyon ki mete gwo laperèz nan mitan moun ki ap viv nan zòn sa yo ke, leta ayisyen batize « tèritwa pèdi ». Moun sa yo bandi boule kay yo e mete yo deyò kote yo tap viv lage de (2) bwa balanse nan lari, si gen nan yo ki ale nan kan pi fò nan yo oblije ale an pwovens, lè yo rive yo konn touye yo paske pyès yo di ki kote yo soti.
Pandan sityasyon an ap dejenere de jou an jou pou popilasyon an, gen nèf (9) moun nan tèt peyi a ki ap touche chak mwa, ki gen frè e chaje privilèj, genyon premye minis defakto, genyon chèf polis ak yon kòmandan nan tèt lame a. Pandan popilasyon an ap kouri anba bal, yo menm yo chaje sekirite, kòtèj, pandan popilasyon an pa gen kote pou yo dòmi yo menm se nan fè ti tato pou wè nan ki kay oubyen otèl pou yo dòmi.
Nou ap fè ou konnen majorite nan zòn sa yo nan tan pase yo se te zòn tout moun te reve pou abite, gras ak politisyen nou yo, yon branch nan sektè prive a nan tèt kole ak yon ti gwoup nan kominote entènasyonal la zòn sa yo vin sa yo ye jodi a la.