Yon gwo kouri te pete nan zòn ayewopò Antoine Simon nan vil Okay jodi vandredi 20 mas 2026 la, apre yon avyon konpayi IBC Airways te fè yon sòti de pis espektakilè. Malgre gwo kè sote sa a te lakòz, otorite yo konfime pa gen okenn moun ki pèdi lavi yo ni ki blese.
Dapre temwen ki te sou plas, aksidan an rive pandan avyon kago a te ap eseye poze. Aparèy la pa te rive rete nan limit pis la, li travèse baryè sekirite yo pou li al bout dwat sou Wout Nasyonal la, ki se prensipal aks ki ap mennen nan vil la.
Pozisyon avyon an nan mitan wout la te bloke sikilasyon an pandan plizyè tan, sa ki te rale yon foul moun ki te vin gade sèn nan ak sezisman.
Otorite ayewopò yo ak konpayi IBC fè konnen tout moun ki te abò a sen epi sof. Aparèy la sibi kèk domaj, men pou kounye a, ekspè yo ap evalye nivo dega yo sou avyon an ak sou enfrastrikti wout la. Ajan sekirite ayewopò a ak lapolis te deplwaye rapidman pou sekirize zòn nan epi anpeche moun apwoche twò pre aparèy la pou evite nenpòt risk dife.
Echojounal echojounal.net