Manje a monte sou non ti machann, pinga li desann sou non abolotcho

Nan lannwit 12 fevriye pou louvri 13 fevriye 2018, pandan n ap danse kanaval mache anfè pran dife ; dimanch 18 fevriye 2018 bò 2 zè nan laprèmidi mache Gerit la tonbe danse anba dife pa l. Anpil pawòl ap pale sou kibò zak sa yo soti, ou pral tande ankèt ap fèt, men l ap rapouswiv jouk ti poul fè dan. Antouka, nenpòt sa ki ta lakoz dram sa yo, reyalite a p ap chanje. Moun yo ap toujou lage 2 bra balan san anyen, tout sa yo te goumen pou reyalize pati anba flanm dife. Kisa moun sa yo pral fè ? Anpil moun (atis, moun ki gwo mwayen, prezidan Jovenel Moise…)  pwomèt  pou fè solidarite ak  yo, fanm vanyan sa yo ki blije batay ak lavi chak jou ki fè jou pou elve pitit san papa. Nou konnen chodyè a ka monte sou non ti machann li desann sou non abolotcho, souvan se konsa sa fèt.

Nan yon peyi kote 80 % moun p ap travay, kote Leta pa kreye mwayen pou moun envesti ; majorite moun blije lage nan ti degaje, sa ki lakoz sektè enfòmèl la jwe yon gwo wòl nan ekonomi an. Lajan ki envesti nan ti degaje sa yo, se ponya,  kòb biwo, kòb labank bay ak gwo enterè. Kote ti machann sa yo pral jwenn mwayen  pou remèt lajan sa yo ? yon seri moun ki prefere batay tan pou yo lonje kwi yo devan moun, kounye a y ap tann pwomès nan men moun.  Ki pwomès atò !

Se pa premye fwa mache ap boule nan peyi isit, men konbyen fwa nou konn tande ti machann yo jwenn lajan ki vo ak sa yo pèdi ? se yo ki toujou pèdi, se yo k ap toujou redi pou remèt lajan ak enterè men longè. Se pitit yo ki pral soufri, se preskripsyon ki p ap ka ekzekite, se lekòl timoun yo ki p ap ka peye, se kay la ki p ap ka peye, mizè malere long ann Ayiti, ki jou      y ap rale yon souf.

Nou swete ti machann yo jwenn bonjan sipò Leta pou relanse biznis yo kòmsadwa, fòk resansman an fèt san zanmitay, moun ki pèdi se yo ki dwe benefisye. Ti machann dwe rete vijilan pou veye abolotcho k ap pase pa anba pou vin souse manmèl. Anplis, yo dwe òganize pou mete sekirite nan mache yo, se mèt ki veye kò.

 

MED
dorvelus812@gmail.com

kredi foto: Le Nouvelliste

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …