AYITI AKTYALITE CHEZ BA

MACHANN VIKTIM MACHE DIPÒ YO PRAN LARI.

Machann viktim mache dipò yo manifeste ayè devan palman an pou mande gouvènman an respekte mol, machann yo tou pwofite mande pou vin netwaye espas la pou yo ka

ouvè ti sa yo rete yo.

 

ELÈV NASYONAL MÈJE YO PRAN LARI POU MANDE PWOFESÈ.

Plizyèn dizèn elèv pran lari ayè nan Mèje pou mande pwofesè, elèv yo fè konnen si revandikasyon yo pa pase yap ret nan lari a.

 

PLIZYÈ KONPATRIYÒT BLOKE CHILI.

Otorite nan peyi Chili yo pran desizyon pou bloke yon gwoup 60 ayisyen nan Èpòt Santyago, selon enfo nou rive de yon konpatriyòt ayisyen sa yo gen anpil difikilte nan moman an, yo pa jwenn anyen pou yo manje e yo menm gen difikilte pou yo benyen. Nap raple konpayi chilyèn LAW kif è transpò nan peyi a kanpe tout vòl li yo akoz twòp ayisyen kap rantre nan peyi Chili.

 

Kouran 24 sou 24.

DG EDH la Herve Pierre Louis deklare pwogram prezidan peyi a Jovenel Moise pou bay kouran 24 sou 24 la ap mache trè byen, DG a pwofite mande tout moun ki dwe pou yo pase peye.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …