LEH LA ANONSE YON NOUVO PWODUI

Direktris lotri leta ayisyen Marie Margareth Fortuné anonse yon nouvo pwodui sou mache a ki pote non ‘LOTO MAMA’ pou onore medam ayisyèn yo.

Selon direktris la tiraj la ap fèt jou kap fèt manman yo, ap genyon milyonè e divès prim kote premye a ap gen yon milyon goud (1 000 000), dezyèm nan desan mil goud (200 000), twazyèm nan sanmil goud (100 000) e ap gen plizyè prim de konsolasyon pou manman yo.

Direktis la te tou pwofite fè yon rale sou loto 90 la ak boul madigra ke li fè konnen ki se yon siksè e se siksè sa ki fè LEH la pran deszyon sa pou òganize « Loto Mama » a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …