PREZIDAN REPIBLIK LA PREZANTE WO ETA MAJO LAME A A NASYON AN.

Prezidan repiblik la Jovenel Moise prezante bay nasyon an Jodi madi 27 mas 2018 la nan palè nasyonal wo eta majò fòs lame peyi Dayiti a ki te demobilize nan lane 1995.

Yon eta majò ki gen nan tèt li, Mesye Jodel Lesage ak sis lòt manm ke tach yo repati konsa: Sadrac Saintil, jeneral brigad, kolonel Jonas Jean, chèf eta majò jeneral, kolonèl Jean-Robert Gabriel, enspektè jeneral,  kolonèl Derby Guerrier, asistan chèf eta majò G1/G3, kolonèl Joseph Jacques Thomas, sekretè eta majò jeneral,  kolonèl Fontane Beaubien, manm eta majò pèsonel de kòmandan an chèf.

Prezidan repiblik la te akonpaye ak premye minis la Jack Guy Lafontant , prezidan senat ak chanm depite a onorab Joseph Lambert ak Gary Bodeau , minis defans lan Mesye Hervé Denis, prezidan kou kasasyon an mèt Jules Cantave, direktè jeneral polis nasyonal la mesye Michel-Ange Gédéon ak plizyè lòt manm nan gouvènman an.

Prezidan an ki te pran la pawòl remèsye eta majò a pou kouraj yo e fè konnen remobilizasyon lame a se pèmèt a tout enstitisyon nan peyi a fonksyone kòm sa dwa, prezidan fè konnen erè pase yo dwe sèvi leson pou pèmèt yo avanse nan yon bon direksyon.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …