PLIZYE JOUNALIS PILE BETON AN JODI A.

Plizyè jounalis te òganize yon mach pasifik Jodi mèkredi 28 mas 2018 la nan lari Pòtoprens pou mande otorite yo fè limyè sou disparisyon jounalis Vladjimir Legagneur ki disparèt depi jou ki te 14 mas 2018 la.

Yon mach ki te òganize pa plizyè asosyasyon medya tankou fowòm MEDIA INFO Plus (MI), KOLEKTIF 2 DIMASYON (K2D),UNION NATIONALE DES JOURNALISTES PHOTOGRAPHES D’HAITI (UNJPH) ki jwen sipò anpil moun nan sosyete a

Yon mach ki te fèt an silans, tout jounalis te mete mayo blan e itilize pankat ak bandwòl pou te fè mesaj yo pase, mach la te demare sou chanm mas (plas konstitisyon) e li tal bout devan pakè Pòtoprens, kote madanm jounalis la. .. ak òganizatè yo te delivre yon mesaj bay otorite yo.

Aprè mach la, yo tal depoze yon plent nan biwo komisè gouvènman an, mèt Clamé Ocname Daméus kont X, yon fason pou otorite yo kapab fè swivi dosye a pou nenpòt sa ki ta rive jounalis la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …