GWO ATAK SOU AYEWOPO MILITE NAN PEYI LA SIRI

Plizyè moun mouri ak plizyè lòt blese nan peyi la Siri apre yon atak misil ki fèt sou awopò militè T-4 tayfur tou pre Homs maten lendi 9 avril 2017 la selon ajans ofisyèl siryèn Sana. Atak sa vini apre prezidan ameriken an ak fransè a te deklare yo pral bay yon repons fèm ak sa ki rive samdi 7 avril la kote plizyè dizèn moun mouri nan Ghouta oryantal la nan yon atak chimik.

Medya nan peyi La Siri lonje dwèt sou peyi Etazini ak la frans kòm de peyi ki ta fè atak sa yo, paske prezidan ameriken an te moutre li trè fache kont Bachar El-Assad ak Vladimir Poutine pou sak pase samdi a, nan yon seri de tweet kote prezidan ameriken di, fòk yo peye pri atak sa, yon atak ki lakoz plizyè moun pèdi la vi yo.

Yon akizasyon Peyi Etazini pat pran tan pou voye jete byen lwen ak tout peyi La frans ki te pran ti tan poul di ke yo pa gen anyen a wè ak atak ki fèt nan awopò militè Tayfur a. La Wisi bò kote pal akize peyi Izrayèl nan atak sa e dirijan La Siri yo fè konnen peyi Izrayèl pa inosan e se yo ki fè atak la.

 

 

 

 

 

 

 

KREDI FOTO: PRESS TV

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …