PREZIDAN JOVENEL MOISE KITE PEYI A JODI A POU ALE NAN PEYI PEWOU.

Prezidan repiblik la, ekselans Jovenel Moïse akonpanye ak premye dam nan Martine Moïse epi ak yon delegasyon enpòtan  rann yo nan peyi  Pewou nan kad wityèm somè amerik yo, chèf leta yo ak gouvènman an ki ap fèt 13 pou rive 14 avril 2018 lan sou tèm: <<gouvènans demokratik anfas koripsyon>>

Chèf leta ak gouvènman yo kap patisipe nan somè sa ap gen pou konsantre yo sou tèm ki gen rapò ak valè demokratik yo, pami yo : ranfòsman edikasyon, promosyon pou egalite sèks yo, adopsyon reglemantasyon relativ deklarasyon patrimwann fonksyonè leta yo.

Wityèm somè amerik lan ap yon okazyon pou pèsonalite yo adopte mwayen kap rann finansman òganizasyon politik epi kanpay elektoral yo nòmal.

Fè prevansyon sou koripsyon nan pwojè enfrastrikti yo, patisipan somè sa yo ap angaje pou yo fè pwomosyon pou transparans pou enklizyon dispozisyon anti-koripsyon an nan kontra travay piblik enfrastrikti yo, patisipan yo ap gen pou fòtifye mwayen yo dwe pran pou konvansyon entèameriken an kont koripsyon.

Chèf leta ak gouvènman yo ap angaje yo pou kreye nivo entèn anndan sèvis espesyalize milti-sektoryèl yo, men tou pou yo fè promosyon epi entansifye koperasyon ant sektè bankè epi jidisye yo, nan nivo miltilateral, nan objektif pou rantre avwa yo.

Vwayaj ofisyèl chèf leta a ap fèmen ak yon rankont avèk manb kominote ayisyen nan florid nan lannwit dimanch 15 avril 2018 lan apre patisipasyonl nan wityèm somè amerik yo nan pewou. Prezidan Jovenel Moïse ap retounen nan peyi li lendi kap 16 avril 2018 lanLisa Ridoré

 

Lisa Ridoré:

ridorelisa10@Gmail.

: 4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …