MIGUEL DIAZ CANEL NAN WOUT POUL VIN DIRIJE PEYI KIBA.

Se yon moman istorik, Fidel , apre Raul Castro, 2 frè yo dirije il kominis lan depi revolisyon 1959 lan. Sis deseni pi ta, rejim kominis lan toujou sou pouvwa, men Raul pral pase men an.
Depi mèkredi 18 avril sa, depite yo reyini pou plizyè jou.
Yo dwe nome plizyè pèsonalite nan kèk pòs kle, kidonk yon chèf leta tou.

Ofisyèlman moun kap gen pou pran plas Raul Castro a pa dwe dezinye avan demen jedi a, men sa pa vle di ke gen anpil tansyon: Gen yon sèl kandida ki rele Miguel Diaz-Canel.
Edisyon espesyal kiba , sou wout fen è Castro a, jedi 19 avril la apati 8è pou rive 8è30 nan lè Pari a.

Anons sa konfime ke tout mond lan te panse depi plizyè mwa , vwa kèk lane menm.
Ke kandida sa logik dapre konstitisyon kiben an.
Miguel Diaz-Canel jiskounya se vis-prezidan konsèy minis yo ak konsèy leta . Li dwe logikman dezinye prezidan repiblik kiba a pou 5 lane pwochen yo.
Anplis de sa laprezidans gen lòt dezinyasyonl te prevwa pou mèkredi sa.

Pòs prezidan asanble kiben an te atribiye ak Esteban Lazaro Hernandez, yon afwo-kiben epi se yon fanm ki te eli nan pòs vis-prezidan asanble sila, Ana Maria Machado .

2 moun sa yo te eli avèk 100% vwa yo, chwa ki pat anoden kiba.

Nou dwe soulinye yon sèl bagay, prosesis eleksyon ak dezinyasyon sa pat pasyone kiben ki pat atann yo vrèman ak chanjman sa, antouka pou yon ti tan.

Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …