YON NOUVO KOMITE NAN TET SEKSYON LINYON ENTÈNASYONAL PRÈS FRANKOFÒN.

Yon nouvo komite pran rèn seksyon ayisyen linyon entènasyonal près frankofòn nan, nan bi asanble jeneral la ki t fèt samdi 21 avril 2018 la nan restoran zanmi laprès  , kafou fèy.
Esaüe César, animatè emisyon maten deba a sou radio eklè, prezidan.
Lovelie Stanley Numa, jounalis repòtè nan radyo vizyon 2000, vis prezidan.
Luckner Désir, animatè maten deba sou radyo eklè, sekretè jeneral.
Stéphane Eveillard jounalis repòtè nan radyo nasyonal, sekretè jeneral adjwen.
Nancy Lainé Isaac jounalis repòtè nan radyo galaksi , trezorye.
Dorcin Lesly fotojounalis nan tele sinyal, trezorye adjwen.
Esaüe César te okipe pòs prezidan seksyon ayisyen an nan UPF depi 2015 avanl te bay Michel Joseph plas la novanm 2017 pwovizwaman.
Prezidan an aklame seleksyon sa yo, nan diskou sikonstans li an el promèt poul ranfonse strikti sa , epi pèmèt jounalis ki nan kapital la ak sak nan provens yo pou entegre nan seksyon ayisyen près frankofòn nan(SHUPF) epi patisipe nan kèk seminè fòmasyon, kòlòk, konferans sou plan nasyonal ak entènasyonal.
Swit ak asanble jeneral sa, yon gwo premye nan listwa enpòtan strikti près entènasyonal la nan peyi dayiti , yon komite egzekitif soti nan seleksyon demokratik sa yo.
Anviwon 26 jounalis manm seleksyon UPF la pran pati nan asanble jeneral ki te dewoule nan lokal restoran zanmi laprès la kafou fèy.

Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …