Pozisyon pati ODEP la sou eta jenero sektoryèl la e remanyeman kabinè ministeryèl la andedan peyi a . « 

Oryantasyon demokratik pou ayiti (ODEP) bay pozisyon yo nan yon koferans pou la près jounen jedi 26 avril 2018 la . Nan lokal rendez- vous 33 bar restaurant Delmas 33 , sou movè mach gouvènman anplas la .

Nan konferans sa , dirijan pati a Assad Volcy pale nan non tout lòt manb yo . kote l fè konnen gouvènman Lafontant jovenel la pap regle anyen k serye nan tèt peyi a .Li menm arive fè konnen sa pa rele remanyeman ministeryèl men sa se yon ti paskout li ye . peyi a pa genyen okenn avantaj nan bagay sa kifèt la , men yo arive fè l se jis pou yo jere pouvwa yo .

Daprè chèf pati a toujou li fè konnen anpil moun kite bò kote chèf deta peyi a kòmanse demisyone lè yo wè se pa anyen serye l’ap regle pou nasyon an . Chak jou se piplis jèn gason ak jèn fi k’ap kite peyi a pou ale pase plis mizè nan peyi Blan .
Li menm fè konnen depite ak senatè ki onèt kòmanse revòlte. L’ap mande ak gouvènman lafontant jovenel la pou yo antre nan pitye pou ti pèp ayisyen .

Michel st Louis

47852585

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …