PLIZYE ELEV MOURI AK DIVÈS LÒT BLESE NAN YON FIZIYAD NAN YON LISE NAN VIL TEKZAS PEYI ETAZINI

Plizyè elèv mouri ak blese nan yon fiziyad ki fèt jodi vandredi 18 me 2018 la nan lise Santa Fen nan vil Tekzas  peyi Etazini.

Zak sa fèt pandan pandan klas yo tap ouvri blòk 7h nan maten, yon elèv rale zam li e tire sou elèv lise yo ki tap rantre nan sal yo ak  pèsonel lekòl la. Selon  enfo yo fiziyad sa menm Jan ak sa ki te rive nan Miami nan mwa fevriye pase a kote plizyè elèv lekòl te tombe anba kout zam yon kamarad de klas yo.

Moun ki komèt zak sa  deja nan men lapolis selon tout dènye enfo, se yon  jèn ki gen dizèt (17) lane li se yon elèv Lise a.

Prezidan ameriken an Donald Trump pat pran tan pou kondane zak sa, deklare nan yon tweet ke li pral fè tout sa ki posib poul pwoteje elèv yo e asirel ke tout moun ki reprezante yon menas  pa jwenn otorizasyon pou li pote zam.

 

kervenslouis459@gmail.com

44120020

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …