MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PROFESYONÈL FÈ YON RALE SOU DAT E KÒMAN EGZAMEN LETA PRAL DEWOULE

Jou ki te vandredi 25 Me 2018 la nan kad yon konferans prèsp ekip ki la pou asire bon jan edikasyon nan peyi a te envite laprès pou avize popilasyon an sou dat ak kòman egzamen nevyèm (9yèm) ane fondamantal la ak divès lòt pral dewoule nan kòmansman mwa Jen an.
Dr. Meniol Jeune ki se direktè jeneral (MENFP) te kòmanse pou fè konnen yo toujou kenbe dat ki nan kalandriye eskolè 2017-2018 la.
Pou nevyèm (9yèm) ane fondamantal: 11 pou 13 Jen 2018
Pou lekòl nòmal enstititè (ENI): 11 pou 15 Jen 2018
Pou sant edikasyon famiyal(SEF): 11 pou 15 Jen 2018
Pou fen etid apre,sa yo rele klas fini an oubyen bakaloreya; pou elèv regilye oubyen nouvo e pou elèv rekale (pèmanan): 25 pou 28 Jen 2018
Pou fòmasyon teknik ak profesyonèl: 29 Jiyè pou 4 Daou 1028

Dr. Meniol kontinye poul di genyen 227 858 elèv ki enskri pou pase eprèv nevyèm (9yèm) ane fondamantal, 2172 pou (ENI) e 424 pou (SEF). Pandan li pa menm bay chif pou bakaloreya ni fòmasyon teknik ak profesyonèl

Direktè jeneral la pat neglije reveye vijilans aktè yo pou respekte prensip ki tabli yo,kote li pale de obligasyon ki genyen pou kandida yo mete inifòm,e li entèdi pou yo itilize telefòn ni lòt materyèl ki ka deranje bon dewoulman egzamen an. Dr. Meniol ta pral presize: elèv,siveyan, sipèvizè pa gen dwa pote telefòn pandan egzamen yo,se sèlman responsab sant egzamen yo ki otorize pou sa. E nan ka ta genyen neglijans gwo desizyon ap pran pou sa.

Pi devan, Renan Michel ki li menm se direktè (BUNEXE) biwo nasyonal egzamen leta a bay garanti ke yap travay pou pèmèt bon jan dewoulman egzamen yo e fè konnen tout fich kandida nevyèm (9yèm) ane fondamantal yo gentan pare,e envite tout responsab lekol yo pase pran yo pou pèmèt elèv yo genyen asirans patisipe nan egzamen an

Bò kote pal,direktris biwo anseyan yo,Nadine Henry pale sou modalite e preparasyon tèks egzamen yo ki ap fèt sou pwogram nan ki pwouve li pap parèt etranj pou pou elèv yo,tou profite fè konnen elèv nevyèm (9yèm) ane fondamantal yo ap konpoze e nan anglè e nan espanyòl ki vin monte pwen total la a 1700 olye de 1600

Pandan pa genyen okenn chif ki bay konsènan bakaloreya ni eksplikasyon sou kòman li pral dewoule,yon rezèv ki ta kite anpil refleksyon nan tèt aktè ki konsène yo.

Pradelsimeon24@gmail.com
44363396

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …