DEA: DE AYISYEN ARETE E TRANSFERE NAN PEYI ETAZINI.

Apre senatè Guy Phillippe, de (2) lòt ayisyen jwenn arestasyon yo epi tranfere nan peyi Etazini ayè vandredi 8 jwen 2018 la.

Emmanuel Bastien ki te jwenn arestasyon li nan vil Okap jou ki te premye jwen 2018 la epi Gerard Roger Junior Placide ki  te pran kòd nan Pòtoprens kat (4) jwen 2018 la twouve yo nan men DEA. Selon enfo yo se sou lòd minis jistis la Jean Roudy Aly ke 2 sitwayen sa yo transfere nan peyi Etazini kote yo pral reponn kesyon lajistis.

Mesye sa yo ki gen manda entènasyonal dèyè yo selon enfo yo gen kòm akizasyon blanchiman sa yo genyen. Tranfè sa antre nan kad akò de (2) peyi yo pou lite kont kriminalite e sitou krim transnasyono.

Nap raple 15 mas 2017 pase a, nan yon rezolisyon kote sena te kondane arestasyon senatè Grandans lan Guy Phillippe ki te viktim de akò sa, te mande egzekitif la pou renegosye akò  17 oktòb 1997 la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …