OTORITE DOMINIKEN YO RELANSE PWOGRAM KONTWOL ETRANJE YO KI PA GEN PAYE YO MEKREDI A.

Mèkredi depi a 6è nan maten, sou lòd lyetnan jeneral Máximo William Muñoz Delgado, direktè jeneral direksyon jeneral migrasyon yo , yon gwo operasyon kontwòl migratwa, te lanse nan minisipalite yo epi nan zòn riral provens fwontalye yo Montecristi, Dajabón,Elias,Piña, Independencia epi Pedernales.
Operasyon gwo anplè a enplike plis ke 100 ajan, enspektè ak sipèvizè direksyon jeneral migrasyon yo soutni pa prè de 200 manm fòs lame yo, kò espesyalize sekirite fwontyè yo epi ak kèk reprezantan ministè piblik chak pwovens fwontalye ki nan kowòdinasyon avèk gouvènè yo.

Pandan tout jounen an, yo te pèmèt kontwòl estati migratwa 1,019 etranje, laplipa ayisyen itilize dispozitif biyometrik yo pou verifye estati imigrasyon ak legalite dokiman plan nasyonal regilarizasyon etranje yo prezante pa kèk Ayisyen, laplipa dokiman sa yo pa vre.

Prosesis verifikasyon 692 Ayisyen nan sitiyasyon iregilye sou teritwa dominiken an te transpòte nan pòs fwontyè Dajabón, Elías Piña, Pedernales ak Independencia, pou anrejistre avan yo espilse nan peyi Dayiti.

Daprè obsèvatè avize kap swiv evolisyon estratejik epi miltiplikasyon operasyon kontwòl yo, operasyon elaji senkronize sou plizyè pwovens, ka yon repetisyon ak echèl fèmen . Operasyon sa kapab deklannche mwa dawout alòske plan nasyonal regilarizasyon etranje yo fini definitivman.

Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)44987760

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …