Zimbabwean President Emmerson Mnangagwa greets supporters before an explosion at an election rally in Bulawayo, Zimbabwe June 23, 2018. Tafadzwa Ufumeli/via REUTERS THIS IMAGE HAS BEEN SUPPLIED BY A THIRD PARTY. MANDATORY CREDIT. NO RESALES. NO ARCHIVES.

ZIMBABWE: YON EKSPLOZYON KI TE VIZE PREZIDAN ZIMBABWE A LAKOZ PLIZYÈ MOUN BLESE.

Samdi 23 jwen 2018 la prezidan Zimbabwe an Emèson Mnangagwa tap fè yon diskou devan plizyè santèn patizan, aktivite a te deroule nan (2) dezyèm vil peyi a bulawayo ki se yon basyon opozisyon an, pandan’l tap fini diskou li tap salye foul la yon eksplozyon eklate sou sèn nan kote ofisyèl zanu-PF e jounalis zimbabween yo te ye a.
Aksidan sa vin pètibe kanpay elektoral la.

Pòt parol prezidans la te kouri deklare ke Mnangagwa te gentan sòti san pwoblèm e li pa gen anyen, li pa blese li raple an pasaj ke prezidan an viktim Plizyè tantativ asasina deja pandan ane yo.

Daprè televizyon piblik la vis prezidan yo kembo Mahadi avèk konstantino chimenga te touche pa souf eksplozyon an, Se menm ka osi pou minis anvironman an OPRAH Muchinguri, selon yon media lokal.

Nan yon dènye twit, Prezidan Mnangagwa endike ke’l t bay yon vizit ak moun ki te blese yo e ki etène yo « aprè midi an Alòs ke nou pase manifik rasanbleman nan boulawayo, te vin gen yon eksplozyon Plizyè moun blese e li déjà ale rann yo vizit nan lopital la ».

Desroches Verdeline
Email:desrochesverdelines001@gmail.com

Tel:(+509)48489359

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …