ANSYEN SENATÈ LWÈS JEAN HECTOR ANACACIS AKIZE PALMANTÈ YO DE MOUN KI NAN KONTREBAND.

Ansyen senatè lwès Jean Hector Anacacis akizé e pwopoze yon plan pou rezoud problèm kontreband nan nan peyi a.

Jean Hector Anacacis akize palmantè yo nan kesyon kontreband lan, selon ansyen senatè a pi fò kamyon kap transpòte fè siman ak lòt machandiz se pou yon seri depite ak senatè yo ye, se sak fè yo pase sou fwontyè yo fasil konsa.

Ansyen senatè a deklare se yon ankèt li mennen ki bal enfòmasyon sa yo, li mande pou genyon « task force » sou fwontyè yo kap gen ladann polis jidisyè ak fwontalyè kap gen pou misyon anpeche machandiz kontreband antre nan peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …