AYITI KILTI: YON KOKENN CHENN FESTIVAL POU 227 LANE BWAKAYIMAN.

Asosyasyon kiltirèl bote kreyòl ayiti ap òganize yon kokenn chenn aktivite pou fete 227 lane seremoni bwakayiman nan mitan mwa dawout kap vini la a anba tèm  » Bat tanbou pou danse libète « .

Prezidant asosyasyon an, Marie Murielle Morné di festival sosyal ak kiltirèl sa ki rele memwa kolektif ap genyen aktivite 13 , 14, ak 23 dawout nan lide pou rafrechi memwa sosyete a sou gwo leve kanpe zansèt nou yo te fè nan lane 1791 kont sistèm esklavaj la ki te fè Moun viv pi mal pase bèt.

Lòt objektif festival sa se fè pwomosyon dat istorik yo pou jenerasyon kap grandi yo kapab konn enpòtans yo.

Daprè eksplikasyon Marie Murielle Morné.

Konferans, deba , teyat ak vizit zòn ki genyen senbòl pou reprezante bwakayiman, se kèk aktivite kap genyen nan festival la.

Kervens Louis
Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …