Kowodonatè pati ayisyen tèt kale ( PHTK) nan vil akayè , Toldy Pierre Moun plis konnen sou non Bawon ansanm ak kòlèg travay li Réginald Jean Louis ki te tonbe anba bal endividi yo pa rive idantifye , 30 jiyè pase a , nan biwo ofisye Eta sivil akayè antere samdi 18 out 2018 la.
Seremoni pou bay yon dènye ochan ak viktim yo fèt sou plas sen pyè akayè a devan youn nan pòt pawol prezidan lan.
Lucien Jura , ansanm ak Direktè jeneral la ministè enteryè a Fednel Monchery .
PHTK konsidere lanmò Bawon an tankou yon kout loray ki tonbe sou yon pye mapou « ,daprè pòt vwa laprezidan ki prezante Todly Pierre tankou yon vrè militan Pati ayisyen tèt kale .
Majistra vil la , Rosmila Petit- Frère , ki tap patisipe nan seremoni lantèman an kònen lanbi pou mande pi gwo otorite ki nan leta a voye je sou zak ensekirite ki pa Sispan ogmante nan site drapo a , li anonse yon chita pale nan mitan otorite akayè yo ansanm ak sosyete sivil la pou jwenn yon solisyon a ak sitiyasyon sa a.
Kervens Louis
Kervenslouis459@gmail.com +509 44120020